11 – Peche
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Peche.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Peche.
Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
”Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
”Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
”Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
”Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
”Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo. Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo. Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye? Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni. Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
”Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'. Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.
”Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan. Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.
”Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li.
”Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
”Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.
”Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
”Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
”Piga nou touye moun. Piga nou fè adiltè. Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou bay manti sou frè parèy nou. Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
”Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
”Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'. Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'. Si yon moun bay papa l' osinon manman l' madichon, se pou yo touye l'.
”Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.
”Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.
”Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.
”Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
”Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.
”Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè.
”Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.
”Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.
”Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.
”Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
”Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit. N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
”Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
”Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a. Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.
”Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou. Si ou kase yon zo nan kò l', y'a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l', y'a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y'a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y'a fè ou tou.
”Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
”-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò.
”Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.
”Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.
”Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
”Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi.
”Piga nou janm touye moun. Piga nou janm fè adiltè. Piga nou janm pran sa ki pa pou nou. Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.
”Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
”N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.
”Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis.
”-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”-Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”-Madichon Bondye pou moun ki touye yon lòt moun Izrayèl parèy li an kachèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
”Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè. Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.
”Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
”Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
”Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fè pou Seyè a.
”Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
”Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,
”Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò. Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
”tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou yo.
”Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.
”Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
”Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
”Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.
”Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?
”Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
”L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
”Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,
”Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye. Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo. Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.
”Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
”Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste. Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
”Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan. Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
”Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
”Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
”Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!
”Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
”Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
”Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
”Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
”Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
”Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
”Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
”Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
”W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
”Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
”Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
”Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
”Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
”Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.
”Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
”Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
”Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
”Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.
”Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
”Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
”Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.
”Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!
”Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
”Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.
”Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
”Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'! Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.
”Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.
”Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo. Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
”Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
”Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
”Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo. Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
”Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.
”Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch. Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
”Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
”Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
”Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.
”Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
”Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.
”Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.
”Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.
”Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
”Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
”Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.
”Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.
”Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
”Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
”Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.
”Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
”Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
”Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.
”Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.
”Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè! Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
”Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
”Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
”Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.
”Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis.
”Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo. Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.
”Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
”Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
”Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye.
”Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou. San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay. Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.
”Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.
”Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa.
”Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.
”Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
”Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
”Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè?
”Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
”M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.
”Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa. Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang. Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.
”Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.
”Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè. Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.
”Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.
”Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.
”Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?
”Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
”Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'.
”Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a.
”Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.
”Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.
”Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.
”Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
”Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.
”Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat. Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv.
”Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
”Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri.
”Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'. Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv.
”Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
”Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.
”Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa. Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa.
”Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?
”Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
”Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.
”Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit? Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!
”Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.
”Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
”Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
”Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo. Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
”Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè. Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'. Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
”Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l' kite l', li fè adiltè tou.
”Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
”Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo non plis.
”Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.
”Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
”Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
”M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di. Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
”Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?
”Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.
”Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
”Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen. Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
”Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.
”Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
”Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
”Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo? Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
”Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
”Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.
”Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.
”Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
”Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo. Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
”Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
”Li di yo ankò: -Sa ki soti nan kè yon nonm, se sa ki mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
”Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.
”Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
”Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
”Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
”Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.
”Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.
”Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.
”Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen. Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?
”Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.
”Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
”Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
”Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.
”Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.
”Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
”Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
”Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.
”Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.
”Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
”Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
”Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.
”epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa? Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a. Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la. Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò. Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'. Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou? Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.
”Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
”Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.
”Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.
”Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.
”Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
”Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye. Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò. Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.
”Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
”Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
”Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.
”Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.
”Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
”Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
”Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo. Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn. Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a.
”Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
”Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo.
”Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo.
”Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.
”Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
”Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
”Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
”Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
”Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè!
”Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.
”Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche. Peche te deja sou latè lontan anvan Lalwa Moyiz la. Men, paske pa t' gen lalwa, Bondye te fèmen je l' sou peche.
”Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo. Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.
”Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.
”Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
”Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
”Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non. Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
”Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye. M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
”Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen. Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.
”Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò. Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.
”Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou. Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m' te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò. Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m' lavi a, se li menm ki ban m' lanmò. Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m' ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.
”Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.
”Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l' fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.
”Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m', li fè m' tounen esklav li. Lè m' fè yon bagay, mwen pa konprann sa m' fè a. Paske, sa m' ta vle fè a, se pa sa m' fè. Epi sa m' pa vle fè a, se li mwen fè. Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li.
”Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè. Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a. Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò? Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.
”Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
”Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv.
”Men kontra m' pral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.
”Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
”Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
”Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi. Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
”Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.
”Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.
”M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
”Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt. Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.
”Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
”Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
”Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
”Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.
”Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
”Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.
”Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.
”Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
”Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
”Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.
”Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.
”Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
”Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
”Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
”Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.
”Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
”Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.
”Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo. Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.
”Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen. Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di. Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.
”Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou. Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.
”Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.
”Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.
”Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.
”Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.
”Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou. Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.
”Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo. Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.
”Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
”Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye.
”Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.
”Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
”La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.
”Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.
”Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout. Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
”Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal.
”Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
”Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm. Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo. Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.
”Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.
”Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.
”Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.
”Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.
”Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
”Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
”Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.
”Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan. Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di: Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo. Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal. Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.
”Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
”Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
”Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.
”Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.
”Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
”benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.
”Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.
”Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.
”Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou. Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.
”Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li. Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
”Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li. Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?
”Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.
”konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.
”Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
”Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.
”Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.
”Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.
”Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
”Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.
”Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.
”Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.
”Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon.
”Sa ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, li al woule nan labou ankò.
”Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.
”Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè. Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou. Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
”Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou. Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.
”Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
”Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.
”Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
”Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche. Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li. Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
”Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.
”Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.
”Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
”Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo. Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò. Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen.
”Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
”L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.
”Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
”Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.
”Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a.
”Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen.
”Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.
”Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo. Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.
”Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
”Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.
”Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.
”Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.
”