13 – Omoseksyalite

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Omoseksyalite.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a. Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.

Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè. Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 21 pasaj

Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.

Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.

Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil. M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen. Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram. Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis. Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo. Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen. Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la. Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la. Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la. Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la. Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.

De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la. Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje. Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini. Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo? Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l', li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a. Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo. Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la. Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la. Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye.

De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'. Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la. Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt. Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.

Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.

Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl.

Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè. Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.

Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fè l' ak yon fanm, sa yo fè la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.

Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.

Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.

Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.

Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo. Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn. Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a. Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.

Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.

Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net