10 – Batèm

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Batèm.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.

Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 61 pasaj

Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.

Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li,

Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.

Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.

Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!

Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?

M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo. M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou. M'ap mete Lespri m' nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.

Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.

Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò. Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.

Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'. Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo. Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje. Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.

Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an. Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil.

Jezi reponn yo: -Mwen pral poze nou yon sèl keksyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non. Men, yonn t'ap di lòt konsa: -Si nou reponn: Se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li. Si nou reponn: Se moun ki voye l'... oum! Yo te pè pèp la, paske tout moun sa yo te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. Lè sa a yo reponn Jezi: -Nou pa konnen. Jezi di yo: -Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.

Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.

Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.

Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.

Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè?

Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.

Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.

Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li. Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri. Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m', se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.

Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun. Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo.

De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo. Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li. Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.

Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou. (Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.) Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile.

Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.

Yon jou yo t'ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an. Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.

Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.

Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.

Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.

Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm? Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan. Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.

Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Koulye a, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou? Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.

Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a. Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye? Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.

Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.

Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di. Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.

Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.

Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri. Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an. Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.

Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.

Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.

Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.

Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye. Nou tout, nou te resevwa batèm pou n' te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.

Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo.

li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm.

Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.

Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal. Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.

Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye. Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a. Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa.

Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou. Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.

Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,

Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net