09 – repantans
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: repantans.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: repantans.
Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
”Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
”Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
”Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
”Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
”Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.
”L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras.
”Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.
”Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.
”Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
”Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.
”Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.
”Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
”Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras. Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a.
”Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
”-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò.
”Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.
”Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li. Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
”Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
”Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.
”Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
”Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
”Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè.
”Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
”Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
”Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
”Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
”li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou, tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.
”Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
”Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
”Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, lè w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen, antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò, si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou, tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou yo.
”Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò. Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.
”Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
”Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen. M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal. Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.
”Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.
”Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche. Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.
”Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann, nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.
”Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal? Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
”Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.
”Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.
”L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
”Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen. Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
”Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.
”Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis. Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
”Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
”Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.
”Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
”Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
”Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
”Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.
”Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
”Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
”Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!
”Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
”Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
”Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
”Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
”Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
”Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
”Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
”Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
”Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
”Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
”Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
”Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
”Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
”Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
”Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
”Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
”Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
”Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
”Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
”Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
”Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo! Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.
”Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
”Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
”Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
”Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
”Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
”Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran. Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
”Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.
”Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
”Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
”Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
”Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
”Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.
”Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
”Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
”Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè! Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
”Li kole l' sou bouch mwen, epi li di m' konsa! -Sa a kole sou po bouch ou. Koulye a, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.
”Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
”Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo. Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.
”Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou. Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
”Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun. Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!
”Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
”Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
”Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an. Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè. Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.
”Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
”Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
”Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.
”Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
”Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.
”Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
”Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.
”M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.
”Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè. Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.
”Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.
”Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.
”Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.
”M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
”Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
”Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou! Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou. Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,
”Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
”Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.
”Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv. Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat. Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv.
”Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
”Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?
”Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri.
”Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'. Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv.
”Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Seyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?
”Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
”Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.
”Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa. Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa.
”M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo. M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
”Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife. Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè. Nou pa t' koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an.
”Wi, Seyè, se yon wont pou nou tout, wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo, paske nou te fè sa ki mal devan ou.
”Ou menm Seyè, Bondye nou, ou gen bon kè, ou konn padonnen paske nou menm nou te vire do ba ou. Nou pa t' koute ou, Seyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo.
”Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.
”Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
”Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
”Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.
”Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.
”Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.
”Se pou nou sipòte kòlè Seyè a paske nou fè peche kont Seyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.
”Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun. Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!
”Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
”Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
”Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
”Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
”Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
”Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.
”pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a. Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
”Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj. Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la. Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
”Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo non plis.
”Je ou se tankou yon lanp li ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou va nan limyè. Men, si je ou an move eta, tout kò ou va nan fènwa. Se sa ki fè, si limyè ki anndan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.
”Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.
”Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
”Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.
”Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.
”Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
”Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
”Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
”Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.
”Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis. Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
”Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l' te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pa t' tounen vin jwenn Bondye.
”Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?
”Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.
”Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
”Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.
”Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
”Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
”Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
”Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li. Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
”Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
”Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.
”Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li. Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo. Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo. Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li. Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
”Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.
”Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
”Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
”Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
”Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo. Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
”Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
”Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.
”Li di yo ankò: -Sa ki soti nan kè yon nonm, se sa ki mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
”Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
”Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a.
”Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
”Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
”Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
”Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
”Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
”Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
”Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
”L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
”Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
”Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.
”Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.
”Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.
”Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè?
”Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.
”Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,
”Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
”Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.
”Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.
”Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou. Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.
”Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
”Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.
”Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan. Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
”M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.
”Jezi reponn yo: Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa? Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou. Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo? Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
”Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
”Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.
”Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'. Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo. Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt. Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lè l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo. Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen? Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante. Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre. Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo. Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a. Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m'; tout sa m' genyen se pou ou. Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.
”Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.
”Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
”Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
”Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.
”Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.
”Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
”Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou.
”Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a? Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
”Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.
”Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.
”Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.
”Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
”Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.
”Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
”Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
”Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
”Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
”Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
”Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
”Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi. Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa t' anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.
”Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
”Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
”Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
”Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.
”Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
”Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo. Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
”Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
”Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an.
”Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la. Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye.
”Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa.
”Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.
”Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
”Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
”Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
”Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye. Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò. Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.
”Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
”Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m' kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen! Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.
”Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre.
”Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
”Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
”Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
”Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
”Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.
”Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.
”Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.
”Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm? Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.
”Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.
”Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.
”Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
”Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.
”Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
”Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.
”-(we vèsè pwochen) Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.
”Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
”Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre? Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.
”Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.
”Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.
”Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi.
”Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik.
”Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
”Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
”Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
”pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
”Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.
”Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.
”Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
”Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a? Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo. Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
”Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.
”Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.
”Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
”Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
”Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
”Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.
”Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè!
”Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.
”Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li. Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
”Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.
”Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo. Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.
”Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.
”Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
”Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
”Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye. M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
”Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò. Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.
”Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.
”Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m', li fè m' tounen esklav li. Lè m' fè yon bagay, mwen pa konprann sa m' fè a. Paske, sa m' ta vle fè a, se pa sa m' fè. Epi sa m' pa vle fè a, se li mwen fè. Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li.
”Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè. Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a. Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò? Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.
”Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
”Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
”Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv. Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.
”Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
”Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras! Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou. Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.
”Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m' pou moun mwen vle. Se sak fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib.
”Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la. Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
”Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
”Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
”Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal. Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.
”Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman. Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo.
”Men kontra m' pral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.
”Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.
”Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal.
”Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.
”Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
”Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
”Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
”Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.
”Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.
”Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye. Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
”Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.
”Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
”Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.
”Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun.
”Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive. Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
”Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
”Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
”Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.
”Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
”Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.
”Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
”Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou. Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.
”Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
”Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.
”Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.
”Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
”Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò. Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
”Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.
”Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?
”Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.
”Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
”Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal. Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou. Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.
”Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.
”Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.
”Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.
”Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l' gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pesonn gras paske li fè sa lalwa mande.
”Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.
”Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
”Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.
”Nou tout, nou te resevwa batèm pou n' te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
”Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.
”Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
”Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
”Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
”Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
”Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
”Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
”Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la. Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an, Bondye te deside depi davans pou l' te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fè l' plezi. Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l' an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans.
”Bondye ap fè tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo. Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a. Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.
”Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo. Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo. Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri. Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo. Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
”Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou. Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.
”Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
”Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
”Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.
”Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
”Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.
”Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.
”Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
”Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.
”Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
”Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen: Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo. Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.
”Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.
”Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.
”Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou. Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.
”Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal. Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo.
”Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.
”Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo. Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.
”Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
”Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
”Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.
”Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye.
”Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
”Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.
”Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.
”Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout. Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.
”Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.
”Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.
”Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.
”Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.
”Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
”Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
”Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.
”Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.
”Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
”Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.
”Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.
”Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.
”Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.
”pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
”Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre. Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt. Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
”li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.
”Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.
”Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t' okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l' yo te resevwa chatiman yo te merite a. Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.
”Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.
”Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.
”Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
”Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
”Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
”Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.
”Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.
”Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.
”M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.
”Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
”Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.
”Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
”Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
”Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini.
”Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.
”Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan. Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di: Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo. Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal. Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.
”Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
”Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
”Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.
”Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
”Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
”Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.
”Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.
”Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la.
”Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
”Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.
”Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.
”Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.
”benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.
”Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.
”Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.
”Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.
”Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.
”Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou.
”Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.
”Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li. Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
”Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.
”Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
”Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò, konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.
”Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.
”Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt. Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l' koulye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.
”Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
”Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a. Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.
”Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou. Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a bon nouvèl la te pote ban nou.
”Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.
”Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
”Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò, ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
”Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.
”Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè. Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
”Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.
”Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a. Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo.
”Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.
”Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou. Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
”Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe. Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.
”Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,
”Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
”Se poutèt sa, frè m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo.
”Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè. Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo. Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou. Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
”Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou. Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.
”Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.
”Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
”Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a. Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou.
”Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an. M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo.
”Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li. Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.
”Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l' pou l' pa t' fè sa ki mal.
”Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche. Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li. Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
”Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi.
”Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.
”Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
”Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.
”Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
”Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou. Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa. Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
”Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
”M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.
”Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen.
”Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
”Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.
”benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo.
”Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an. Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelie ou la nan plas kote l' ye a.
”Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.
”Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.
”Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen.
”W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.
”Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.
”Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.
”Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
”Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.
”Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians.
”Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.
”Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
”Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.
”Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.
”Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.
”Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.
”