19 – Legliz
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Legliz.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Legliz.
Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
”Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.
”Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
”Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
”Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit. Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.
”Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.
”Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m', se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo.
”y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.
”Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz. Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.
”-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo. Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.
”Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten. Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.
”Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye.
”-Lè w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m' di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou. M'ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo.
”Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
”Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo,
”Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: --Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.
”Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou.
”Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.
”Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
”Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri. Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan. Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
”Jeojada mete gad an faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre.
”Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.
”Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la.
”Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.
”Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.
”Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!
”Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
”M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
”Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
”Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
”Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.
”Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
”Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
”Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
”Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.
”Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.
”Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
”Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
”Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
”Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
”Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.
”Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.
”Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
”Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
”Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!
”Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.
”Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
”Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.
”Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.
”Apre sa, mwen tande Seyè a ki t'ap di: -Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: -Men mwen. Voye m'! Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
”Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.
”Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Seyè a pou yo sèvi l', pou yo renmen l' tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l' epi ki kenbe kontra m' lan fèm, m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.
”M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou.
”Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa. Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple. M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
”-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen. Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou. Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.
”Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.
”-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen. Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo. Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo. Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.
”Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou. Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo. Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou. Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.
”Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo. Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan. Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou.
”M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
”Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye.
”Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas.
”Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
”Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
”Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.
”Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon. Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
”Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.
”Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
”Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.
”Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.
”Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.
”Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
”Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.
”Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
”Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
”Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite. Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò. Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l'. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.
”Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.
”Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.
”Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo.
”Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
”li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
”Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
”Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a? Si l' rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevendiznèf lòt yo ki pa t' pèdi.
”Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen. Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
”Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
”Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè.
”Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!
”Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè. Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la. Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an. Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
”Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
”Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.
”Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
”Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
”Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo. Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.
”Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.
”Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
”Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. Jezi di yo konsa: -Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.
”Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.
”Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gen dwa pèdi rekonpans li.
”Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò.
”Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
”Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.
”Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
”Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
”Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
”Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo.
”Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a. Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.
”Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.
”Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche.
”Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk.
”Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.
”Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
”Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.
”Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg. Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye. Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.
”Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li. Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan. Lè l' tounen lakay li avè l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m', mwen jwenn mouton m' ki te pèdi a. Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
”Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li.
”Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
”Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.
”Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
”Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
”Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
”Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
”Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.
”Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
”Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
”M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou:
”Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo. Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo. Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
”Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
”Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou. Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:
”Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
”Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.
”Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.
”Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil. Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a. Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.
”Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.
”Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
”Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la. Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la. Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn. Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li. Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.
”Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di: Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.
”Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou. Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.
”Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la. Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm.
”Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a. Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn. Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.
”Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo? Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.
”Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre. Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a. Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.
”Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
”Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.
”Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.
”Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.
”Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an.
”Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe.
”Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò. Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye. Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a. Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li. Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.
”Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.
”Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
”Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.
”Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
”Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre. Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè.
”Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la.
”Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.
”Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.
”Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo. Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.
”Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a.
”Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
”Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a. Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.
”Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.
”Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.
”Feliks ki te okouran tout bagay sou chemen Bondye a, ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo konsa: Lè kòmandan Lizyas va vini, m'a pran yon desizyon sou zafè sa a.
”Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.
”Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
”Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!
”Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa. Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò. Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an. Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' moutre lòt anpil bagay, se sa pou l' fè. Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
”Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
”pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.
”Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a. Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou. Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a. Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou. Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.
”Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.
”pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.
”Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl. Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou. Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la. Nan kondisyon sa a, Kris la gen lè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou?
”Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou.
”Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
”Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye. Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.
”Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
”Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
”Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
”Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache. Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye.
”Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.
”Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
”Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.
”Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!
”Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.
”Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.
”Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun? Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun. Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la. Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
”Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
”Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen. Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)
”Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an. Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.
”Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.
”Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi. Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt. Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun. Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans. Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad. Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di. Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
”Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
”Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant? Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle. Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.
”Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.
”Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.
”Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj.
”Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.
”Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa. Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a. Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye. Pou moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a. Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li. Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje. Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an. Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a,
”fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a. Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li? Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a. Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò.
”Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj. Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen.
”Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a.
”Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.
”Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
”Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.
”Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li. Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.
”Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
”Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.
”Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.
”Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.
”Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
”Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere.
”Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.
”se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.
”Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la. Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.
”Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen. Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
”Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye.
”Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye. Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou. Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
”Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li! Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
”Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la. Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.
”Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
”Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
”Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a. Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a. Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
”Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt. Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan. Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.
”Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!
”Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt. Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.
”Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
”Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay. Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la.
”Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li. Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la. Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
”Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l' manje, li pran swen l', tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.
”Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt, enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou. Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.
”Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.
”Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
”Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.
”Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li. Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,
”Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la.
”Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou. Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
”Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun. Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo. Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou! Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.
”Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.
”Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la. Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.
”Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
”Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.
”Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont. Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.
”Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans. Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan.
”Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti. Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.
”Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.
”Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay. Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan. Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè. Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a? Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan. Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan.
”Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan. Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp. Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak. Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen. Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
”Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.
”Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
”Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a. Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.
”Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv. Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye. Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay. Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou. Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè. Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.
”Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li. Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li. Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè. Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè. Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.
”Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,
”Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.
”Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou. Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.
”Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a. Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou. Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja. Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.
”Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.
”Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.
”Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri: Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre. Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.
”Mwen te kite ou nan lil Krèt pou ou te kapab òganize tou sa ki pa t' ankò fin regle. Ou te gen pou ou te mete yon gwoup ansyen alatèt legliz la nan chak vil. Chonje sa m' te di ou: Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan. Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon. Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li. Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.
”Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.
”jan l' te di sa nan Liv la: Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m' yo. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. Li di ankò: M'a mete tout konfyans mwen nan Bondye. Apre sa, li di ankò: Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo. Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.
”Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
”Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
”Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje. Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon. Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.
”Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.
”Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
”Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.
”Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
”Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou. Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.
”Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li. Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan, èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.
”Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
”Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi. Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont. Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo. Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a. Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.
”Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a.
”Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou. Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo. Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye. Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.
”Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.
”Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.
”Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
”Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
”Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.
”Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon.
”M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo. Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.
”Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.
”Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri.
”Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
”Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.
”Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
”Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a. Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la. Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye.
”Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a,
”Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l' konsa: Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye. Ou gen anpil pasians, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje. Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an. Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelie ou la nan plas kote l' ye a. Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou: Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l' konsa: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou: Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a. Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite. Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo. Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli. Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w'ap travay koulye a pi plis pase anvan. Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo. Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t' aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l', tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m' ak rad blan yo, paske yo merite sa. Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l' konsa: Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l' lan, moun ki lè li louvri pesonn pa ka fèmen, lè l' fèmen pesonn pa ka louvri a, men sa l' voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouraj. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pesonn p'ap ka fèmen li. Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen. Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye. Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen. Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.
”Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan.
”Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
”Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians.
”Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.
”Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.
”Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.
”Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran! Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa. Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare. Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.
”Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.
”Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la. Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo.
”Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an.
”Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.
”