08 – Jezi
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Jezi.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Jezi.
Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.
”Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
”Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.
”Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
”Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.
”Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.
”Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a. L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
”Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
”Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
”Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri. Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo. Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'. Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
”Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
”L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
”Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.
”Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
”Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
”Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
”Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
”Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan. Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
”Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou). Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen. Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
”Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!
”Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
”Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
”Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo. Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
”Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche. Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.
”Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
”Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
”Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.
”Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè! Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun, konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.
”Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a? Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'. Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li. Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen. Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'. Atout li pa t' janm fè ankenn krim, yo antere l' menm kote ak mechan yo. Atout li pa t' janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l' nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'. Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras. Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.
”Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
”Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
”Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen. Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
”Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo.
”Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.
”Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.
”Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray. Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.
”Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
”Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.
”Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
”Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
”Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan.
”M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.
”Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'. Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
”Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.
”Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.
”Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.
”Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.
”Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
”Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
”Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm. Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li. Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou l' fèt? Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l' fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou soti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.
”Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
”Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
”Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò. Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.
”Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
”Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
”Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.
”Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.
”Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
”Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
”Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.
”Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
”Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?
”Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
”Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
”Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.
”Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
”Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.
”Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo.
”Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis.
”Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.
”Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
”Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
”Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye.
”Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
”Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?
”Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.
”Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.
”Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
”Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.
”Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a.
”Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
”Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo. Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.
”Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.
”Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
”Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.
”Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo. Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
”Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
”Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.
”Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
”Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
”Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.
”Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm. Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil.
”Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la. Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi.
”Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
”Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
”Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
”Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
”Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!
”Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.
”Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a: Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David! Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di: Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.
”Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.
”Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
”Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
”Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
”Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a.
”Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.
”Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.
”Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
”Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt. Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
”Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
”Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: Kilès nou vle m' lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?
”Pilat mande yo: Bon. Kisa pou m' fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: Kloure l' sou yon kwa!
”Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li. Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo! Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt. Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.
”Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li. Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.
”Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
”Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann. Tonm mò yo louvri, kò anpil moun pèp Bondye a ki te mouri leve vivan ankò, yo soti nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo. Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
”Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.
”Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li. Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.
”Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
”Men konmansman Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri, Pitit Bondye a.
”Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.
”Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an. Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil. Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a. Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.
”Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.
”Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.
”Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.
”Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.
”Li mande yo ankò: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: -Ou se Kris la.
”Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
”paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li. Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
”Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò. Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l'; paske yo te vin pè l', lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.
”Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: -Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?
”Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
”Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
”Antan yo t'ap manje, Jezi pranpen, li di Bondye mèsi, li kase l'; li bay disip li yo, li di yo konsa: -Men, pran. Sa se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven tou, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, yo tout bwè ladan li. Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
”Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la keksyonnen li ankò, li mande l': -Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la? Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
”Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
”Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li. Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo! Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò. Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo.
”Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
”Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
”Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba. Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l' wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.
”Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè. Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la. Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a. Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.
”Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye. Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
”Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.
”Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.
”Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la.
”Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a. Men remak ki va fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje. Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
”Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.
”Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
”Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li.
”Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo, pou m' fè yo konenn lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.
”Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a. Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.
”Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.
”Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche. Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
”Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?
”benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a.
”Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a. Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pesonn sa. Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.
”Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
”M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.
”Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive. Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li. Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
”Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.
”Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li. Men, yo pa t' kapab jwenn yon jan pou yo te fè sa, paske tout pèp la t'ap koute sa l' t'ap di san yo pa pèdi yon mo.
”Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Tout moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren yo. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, li gen pou l' kraze moun lan an miyèt moso.
”Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.
”Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
”Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.
”Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo. Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a. N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
”Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.
”Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a. Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
”Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
”Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
”Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
”Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
”Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso. Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
”Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? (Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:
”Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.
”Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.
”Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan.
”Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
”Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li. Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li. Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
”Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.
”Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
”Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.
”Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
”Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
”Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa. Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'.
”Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a? Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.
”Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la? Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.
”Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.
”Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
”Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò. Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
”Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo. Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.
”Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye. Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou. Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi. Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi. Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije. Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi. Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.
”Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.
”Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
”Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou.
”Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka pran li? Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Sa ofiske nou, pa vre? Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an? Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.
”Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.
”Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò. Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou? Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
”Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan. Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale. Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.
”Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
”Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen.
”Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.
”Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
”Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di. Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.
”Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
”Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a? Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li? Jezi reponn li: Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi. Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.
”Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
”Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
”-(we vèsè pwochen) Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò. Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò. Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
”Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo. Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
”Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl. Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li. Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la? Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.
”Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
”Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
”Jezi kriye.
”Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò! Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
”Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la.
”Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.
”Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò.
”Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen. (Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.)
”Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
”Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive. Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.
”Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
”Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.
”Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.
”Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.) Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
”Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
”Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.
”Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
”Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.
”Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
”Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou. Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.
”Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
”Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.
”Moun ki rayi m', li rayi Papa m' tou.
”Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo. Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.
”Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.
”Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen. Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
”Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
”M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo.
”Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.
”M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou: mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan. Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
”Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo. Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
”Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
”Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
”Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
”Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an. Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
”Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
”Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
”Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
”Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo. Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li. Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi. Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bò ou mete li. M'a v al pran li. Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).
”Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
”Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout. Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!
”Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.
”Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.
”Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.
”Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l', li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.
”Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.
”Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.
”David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti.
”Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.
”Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la.
”Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.
”Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye. Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
”Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a. Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.
”Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
”Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.
”Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.
”Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
”Men sou twa jou, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò. Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
”Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.
”Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.
”Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David. Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.
”Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.
”Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
”Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
”Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la:
”Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
”Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.
”Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
”Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
”Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen. Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.
”Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a.
”Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.
”Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.
”Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.
”Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.
”Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.
”pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.
”Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
”Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
”Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou. Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l' tou. Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.
”Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li. Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.
”Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt.
”Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye. Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi. Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
”Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.
”Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
”Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
”Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.
”Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.
”Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
”Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.
”Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen. Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil. Mwen mande l' pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la. Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou. Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
”Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a. Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
”Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l' te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li.
”Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
”Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
”paske nou se manm kò li.
”Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la. Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs. Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou, avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
”M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la. Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
”Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
”Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.
”Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
”Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.
”Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.
”Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt. Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf. Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:
”Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
”Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
”Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen. Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
”Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la. Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo. Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad. W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
”Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.
”Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
”Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.
”Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan, paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.
”Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l' nan plas li. Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo. Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la. Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a. Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.
”Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.
”Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li. Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.
”Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.
”Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè. Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
”Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a. Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri. Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon. Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.
”Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
”Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.
”Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
”Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.
”Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.
”Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a. Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.
”Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.
”Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
”Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li. M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
”Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.
”Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.
”Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite. Bondye te chwazi l' pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l' lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.
”Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li. Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi. Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
”Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.
”Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li. Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri. Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.
”Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
”Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò, ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
”Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen.
”Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.
”Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
”Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
”Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.
”Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche.
”Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
”Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
”Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a, benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo. Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn. Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
”Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
”Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.
”M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife. Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.
”Lè mwen wè l', mwen tonbe nan pie l' tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m' konsa: Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premie, se mwen ki dènye. Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.
”Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la. Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè.
”Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.
”Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye,
”Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
”Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.
”Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
”Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
”Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
”Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
”Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.
”p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.
”Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.
”Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.
”Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi! Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.
”