15 – Entoksike
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Entoksike.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Entoksike.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
”Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
”Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
”Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen. Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li. Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.
”-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo. Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.
”se pou l' rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l'. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.
”Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.
”Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon. Diven yo tankou pwazon nan bouch sèpan, venen nan bouch sèpan aspik k'ap touye moun frèt.
”Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.
”Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.
”Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
”Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
”Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
”Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.
”Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte. Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
”Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj? Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe. Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale. W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman. Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
”Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
”Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.
”Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou! Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l'ap fè a.
”Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!
”Seyè a fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l' nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an!
”Nanpwen chante ankò lè y'ap bwè diven. Gwòg vin anmè nan bouch gwògmann yo. Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
”Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò.
”Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
”Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo.
”Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo. Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal.
”Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!
”Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.
”W'a di yo pawoli sa a: Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Y'a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Se bagay nou konnen. Lè sa a w'a di yo: Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen pral plen vant tout moun nan peyi a ak diven jouk yo sou, depi wa a ki chita sou fotèy David la, prèt yo, pwofèt yo, jouk dènye moun ki rete lavil Jerizalèm. Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.
”Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
”Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè. Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.
”Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.
”Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: -Bwè diven non! Men yo reponn li: -Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo.
”Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.
”Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la. Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Ou pral bwè nan gode sè ou la, yon gode byen fon. Tout moun pral pase ou nan betiz, nan rizib. Gode a plen ra bò. Li pral fè ou sou. W'ap an mal makak. Se yon gode k'ap fè moun pè, yon gode k'ap fini avè ou, gode Samari, sè ou la. W'ap bwè tout, w'ap kite l' vid. Lèfini, w'ap kraze l' anba dan ou! Moso yo pral filange tete ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo.
”Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
”Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
”Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
”Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.
”Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
”Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo.
”Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
”Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.
”Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
”Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo.
”Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
”Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.
”Madichon pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun. Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.
”Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.
”Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
”L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.
”Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
”Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.
”Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
”Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'.
”Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou. Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a. Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a:
”Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi. Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
”Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
”Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
”Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
”Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
”Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri. Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
”Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
”Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri. Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.
”Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas. Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou. Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou. Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan.
”Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.
”Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
”Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye. Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/.
”Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon. Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.
”Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans. Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.
”Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.
”Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.
”Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
”Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.
”Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.
”Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
”Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.
”Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.
”Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
”