20 – Lapriyè
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lapriyè.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lapriyè.
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
”Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn! Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè. Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen.
”Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen. Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo. Mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m' bwè lèfini l'ap bay chamo m' yo bwè tou, lè m'a di l': Tanpri, bese krich ou a ban m' ti gout dlo pou m' bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre. Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan.
”Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.
”Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou. Lè nonm lan wè li pa t' ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l'. Se konsa zo ren l' dejwente pandan yo t'ap goumen an. Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale. Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb. Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la. Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb. Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
”Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo.
”Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
”Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li. Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
”Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.
”Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.
”Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou.
”Mwen menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mòn lan, jan mwen te fè l' premye fwa a. Fwa sa a ankò, Seyè a koute m', li te dakò pou l' pa detwi nou.
”Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
”Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.
”Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!
”Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.
”Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
”Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
”Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.
”Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a. Li di: --Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
”Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.
”Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
”Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
”Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.
”Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè pou l' lapriyè. Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè, epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou. Lajounen kou lannwit, voye je ou sou tanp lan, tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou. Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
”koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon tanp lan pou yo lapriyè ou, tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun. Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou, y'a mache nan chemen ou mete devan yo, pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo.
”Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la.
”lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò. Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.
”Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a.
”Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
”Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
”Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.
”Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.
”Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo. Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo. Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.
”Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an. Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.
”Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.
”Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.
”Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.
”Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.
”Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.
”-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
”Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.
”Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
”Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
”Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
”Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.
”Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.
”Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.
”Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.
”Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
”Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
”Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn! Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè. Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
”Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
”Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
”Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.
”M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:
”Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
”Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
”Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
”Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
”Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
”Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere. Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
”Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo. Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
”Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
”M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
”Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
”Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.
”Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
”Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
”Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
”Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè. Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
”Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
”Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!
”Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!
”Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
”Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
”Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
”Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
”Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
”Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'. Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen. Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
”Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
”Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.
”Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
”Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.
”Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
”Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
”M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
”Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou! Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
”Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou! Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
”Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
”Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
”Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
”Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.
”Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
”Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an! Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
”Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.
”L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
”Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt! Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.
”Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
”Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!
”M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
”Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.
”Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.
”Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!
”Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.
”M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè. M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo! Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo. Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
”Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou. Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
”Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di. N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
”Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou! Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
”Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a. M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.
”Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
”Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
”le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.
”Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
”Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
”Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.
”Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò. Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san! Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
”Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.
”Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
”Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.
”Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
”Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
”m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.
”Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.
”Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
”Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m' te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t' lapriyè m'. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t' chache m'. Pèp la pa lapriyè nan pye m', atout mwen te toujou pare pou m' di yo: Men mwen! Men mwen!
”Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a.
”Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo. Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo.
”Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou. Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen.
”Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou. Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Seyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.
”Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a. Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.
”Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
”Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
”Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè. Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve. Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo. Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.
”Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase. Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.
”Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo. Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'. Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.
”Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la. Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje. Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'!
”Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife. Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.
”O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye. O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil. Seyè, koute nou non! Seyè, padonnen nou! Seyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè.
”Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a. Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a. Li vini, li pale avè m'. Li di m' konsa: -Danyèl, koulye a mwen vin la a pou m' ede ou konprann mesaj la. Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.
”Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn. Mwen pa t' manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t' mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t' pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.
”Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou. Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou. Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo. Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen.
”M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
”Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Seyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Seyè a.
”Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.
”Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
”Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'.
”Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.
”Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.
”Men, se Seyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m' lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m'!
”Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li.
”-Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?
”Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non! Anpil moun ap soti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l' pou mande l' benediksyon.
”Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.
”Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
”Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
”Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou. Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil. Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave. Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
”Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n' pral manje? Kisa n' pral bwè? Kisa n' pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
”Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape. Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l' yon pen? Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l' yon pwason? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
”Disip Jan Batis yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou? Jezi reponn yo: Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
”Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
”Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.
”Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
”Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.
”Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li.
”Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen. Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou. li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a. Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pa t' kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.
”Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
”Nan granmaten, byen bonè, li pa t' ankò fè klè, Jezi leve, li soti li kite lavil la, li al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.
”Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn? Jezi reponn yo: -Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje. Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
”Apre li fin ranvwaye yo, li al lapriyè sou yon ti mòn.
”Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou.
”Li di yo: -Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa a soti.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.
”Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
”Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: -Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a. Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
”Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
”Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pa t' janm kite tanp lan; li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.
”Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.
”Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.
”Men, Jezi wete kò l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè.
”Gen kèk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè. Jezi reponn yo: Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
”Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.
”Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.
”Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè. Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.
”Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l' fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan. Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
”Jezi di yo ankò: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit. Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li. Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pòt la gen tan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo. M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li.
”Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape. Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason? Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.
”tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li. L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.
”Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l' te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje: Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon lavil; li pa t' pè Bondye ni li pa t' respekte pesonn. Nan menm lavil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin bò kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont moun ki nan kont avè m' lan non. Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l': Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa la sispann anbete mwen. Jezi di: Nou tande sa move jij la di! Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
”Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
”Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
”Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
”Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon. Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè. Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou. Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs. Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san. Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn. Li di yo: Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.
”Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
”Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
”Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.
”Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.
”Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.
”Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.
”Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
”Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
”Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
”Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.) Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo. M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a. Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.
”Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
”Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
”Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.
”Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
”Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li. Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
”Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay. Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti. Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre. M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a. Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan. Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a. Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou: mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan. Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
”Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
”Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
”Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
”Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
”Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,
”Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.
”Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe.
”Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.
”Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
”Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
”Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
”Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.
”Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
”Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.
”Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
”Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!
”Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
”Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
”Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.
”Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun.
”Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.
”Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo. Lè m'ap lapriyè nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn "amèn" lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite. Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langaj pase nou tout. Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj.
”Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.
”Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a. Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye.
”Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj.
”mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè. Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.
”Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a.
”Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!
”Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
”Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
”Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m' frape sou nou. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l' ak kè kontan,
”Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini. Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
”Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
”Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo.
”Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.
”Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.
”Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.
”Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a.
”Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.
”Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè.
”Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
”Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou.
”Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.
”Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
”Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.
”Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi. Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.
”Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pesonn pou okipe l', li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l' konkou lajounen kou lannwit.
”M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.
”Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou.
”Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.
”Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
”Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.
”Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
”Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.
”Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
”Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
”Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.
”Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.
”Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
”Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
”Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.
”Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
”Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.
”Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
”Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
”Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi.
”Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.
”Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”