05 – Paradiz
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Paradiz.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Paradiz.
Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
”p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo. p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.
”Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
”Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
”Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
”Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.
”Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
”Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.
”Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
”Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
”Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
”Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
”Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
”Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
”W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
”Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
”Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
”Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
”M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
”Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li.
”Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
”Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.
”Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.
”Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
”Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan. Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
”Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
”Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
”Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
”Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
”Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini. Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
”Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
”Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa.
”Si yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la, si yo ka rive konnen fondasyon latè a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal. Se Seyè a menm ki di sa.
”Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun. Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a. Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
”Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
”Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
”Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.
”Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.
”Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
”Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
”Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
”Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
”Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
”Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
”Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
”Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la. Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
”Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
”Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.
”Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
”Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.
”Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo? Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
”Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l' pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.
”Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.
”Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo.
”Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
”M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
”Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.
”Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
”Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
”Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo? Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou. Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò? Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
”Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
”Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini.
”Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.
”Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
”Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.
”Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
”Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
”Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
”Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
”Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a.
”Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te ti katkat. Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen.
”Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?
”Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye. benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan. benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.
”Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.
”Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
”Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li? Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.
”Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a. Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
”Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
”Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou.
”Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l' nan peyi kote Bondye Wa a.
”Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou. Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat. Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen. Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
”Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
”Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.
”Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la? Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
”Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
”Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.
”Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
”Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
”Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
”Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
”Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
”Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
”Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an.
”Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
”Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.
”Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.
”Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.
”Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
”Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.
”Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
”Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.
”Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
”Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou. Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.
”Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri. M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.
”Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
”Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la.
”Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a.
”Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.) Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen. Antan l' te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gen dwa repete.
”Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
”Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.
”Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.
”Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen. Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito. Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.
”Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.
”Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.
”Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
”Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li.
”Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.
”Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.
”Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.
”Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.
”Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.
”Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
”Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
”Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.
”pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
”Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.
”Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
”Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.
”Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,
”Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou. Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.
”Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.
”Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.
”Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.
”N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la.
”ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
”Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe. Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.
”Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.
”M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou. Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
”Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
”Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an.
”Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.
”Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
”Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.
”Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan sièl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m' anvan an, di m' konsa: Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa. Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li. Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd. Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak.
”Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo. Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè. Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an.
”Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.
”Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a. Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
”Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
”Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
”Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo.
”Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.
”Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.
”Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a. Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.
”Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la. Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo.
”Zanj ki t'ap pale avè m' lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l' te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l' te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l' la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l' ak wotè l' te menm ak longè li. Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a. Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite piè bijou gwo pri. Premie wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazièm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, senkièm lan an oniks, sizièm lan an sadwan, setièm lan an krizolit, witièm lan an beril, nevièm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzièm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.
”Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.
”Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo. p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.
”Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.
”Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.
”