07 – Jou jijman

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Jou jijman.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.

Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 177 pasaj

Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.

Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.

Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè.

Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.

Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè.

Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.

Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'. Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann, paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'? Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.

Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!

Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.

Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye. Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo. Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis. Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.

Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.

Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.

Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo. Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.

Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.

Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou. Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.

W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.

lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.

Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.

Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.

Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lè pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè.

Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.

Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.

y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.

Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.

Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!

Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.

Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'. Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,

Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.

Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa. Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Seyè a menm ki di sa. Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!

Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.

Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.

Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.

Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li. Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.

L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò. Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.

Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.

Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!

Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyè a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fè a, se sa yo pral fè nou tou. Yo pral fè nou sibi tou sa nou te fè lòt yo sibi.

Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?

Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.

Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.

paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

n'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt. Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.

Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.

Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a. Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.

M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di. Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.

Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an

Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.

Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini.

Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.

Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?

Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.

Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li. Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo. Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo. Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.

Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.

Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li. Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.

Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.

Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou.

Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè. Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.

Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale. Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l' gwo lajounen; tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l' nan tout kalfou. Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.

Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.

Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo: Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti. Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou. Men, la reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou soti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal. Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.

Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.

Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a? Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi. Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.

Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.

Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.

Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.

Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.

Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò. Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou.

Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò. Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.

Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo. Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a? Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo. Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.

Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a. Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande. Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a. Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.

Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.

Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an. Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.

Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.

Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.

Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.

Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.

Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt. Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.

Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.

Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li. Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.

Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou. Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.

Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri. M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a. Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.

Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.

Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou, avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.

Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.

Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.

Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch. Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.

Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo. Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.

Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.

Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.

Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.

Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.

Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la. Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an. Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.

Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.

Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.

Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.

Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:

Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/. Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.

Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t' okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l' yo te resevwa chatiman yo te merite a. Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.

Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.

Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche. Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.

Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!

Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.

Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo. Se pou sa menm yo te anonse bon nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, koulye a yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l' la. Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.

Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a.

Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.

Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye. Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt. Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt. Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon. Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. Men, yo te kouri dèyè l' pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l' tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou. Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.

Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt. Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann. Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.

Se poutèt sa, frè m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo.

Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.

Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.

Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.

Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.

Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.

L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.

Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.

Lè mwen wè l', mwen tonbe nan pie l' tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m' konsa: Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premie, se mwen ki dènye. Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.

Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?

Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.

Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.

Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.

Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.

moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.

Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri.

Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li. Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.

Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.

Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a.

Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.

Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.

Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net