16 – Manje sakrifye Zidòl

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Manje sakrifye Zidòl.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?

Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a. Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 67 pasaj

Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou.

Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.

Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo. Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo. Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.

Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.

N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt. Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.

Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè. Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.

Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a. Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!

Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'. Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.

Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.

Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.

Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo.

Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.

Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.

Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.

M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.

Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn. Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Seyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont. Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.

Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo. Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.

Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo. M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.

Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.

Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi: -Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a. N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm. Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou. Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè.

Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a. Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.

Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo. Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.

Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.

Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a.

Men, plis mwen te konsidere l' tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl.

Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?

Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. Paske, manje pa antre nan kè moun. Men, sa pase nan vant; apre, yo jete sa nan latrin. (Lè l' pale konsa, Jezi fè yo konprann tout manje bon.)

Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis.

Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.

Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas. Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di: Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.

Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.

Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete. Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!

Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl.

Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo. Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.

Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè. Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la.

Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.

Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen. Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon. Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an. Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.

Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen. Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre), pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.

Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a. Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite. Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche. Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a. Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.

Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo. M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a.

Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la. Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?

Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou. Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble. Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'. Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble. Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse. Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè? Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?

Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo. Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.

Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho. Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi. Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi. Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.

Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas. Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.

Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo. Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net