17 – Fo relijyon
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Fo relijyon.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Fo relijyon.
Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
”Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
”Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
”Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
”Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
”Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.
”Li di Bondye. Tanpri, beni Izmayèl. Pa kite l' mouri! Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon. Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.
”Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la.
”Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo. Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
”Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
”Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a. Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.
”Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
”Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.
”Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
”Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'.
”Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji.
”Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.
”Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.
”Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'. Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen. Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
”Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.
”Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.
”Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo. Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo. Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm. Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.
”Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.
”Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
”Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè.
”piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!
”Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
”-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.
”Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
”Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
”Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
”M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
”se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
”Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay. Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n' al fè ankenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm, kit li gen fòm zannimo oswa fòm zwazo, kit li gen fòm bèt k'ap trennen sou vant yo osinon fòm pwason. Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
”Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
”Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
”Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo. Paske Seyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè.
”Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la. Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.
”Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo. Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò. Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.
”atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo. Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
”Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
”Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen, yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li.
”pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la, epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a, lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
”Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji. Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo. Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
”Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.
”-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
”Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè. Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.
”Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.
”Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a.
”Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.
”Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'. Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
”Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo.
”Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka! Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a! Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
”Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an. Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò. Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete. Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li. Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la. Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.
”Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
”Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo.
”Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò. Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'. Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'?
”Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo.
”Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.
”Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
”Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.
”Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo. Eli di yo: -Nan tout pwofèt Seyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofèt Baal. Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l', y'a koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife. y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: -Nou dakò!
”Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo: -Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a. Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons. Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'. Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l' la. San t'ap koule sou yo konsa. Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
”Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'. Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a. Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo. Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa, li di yo: -Fè l' yon dezyèm fwa. Apre yo fè l', li di yo ankò: -Fè l' yon twazyèm fwa. Yo fè l' ankò. Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
”Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye! Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
”Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo.
”Joram mande l': --Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: --Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
”Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'. Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.
”Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil. Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.
”Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a. Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa. Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò. Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
”Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo.
”Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti. Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl. Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.
”Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.
”Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.
”Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.
”--Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga.
”Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo.
”Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo. Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la. Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou. Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pa t' ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre.
”Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.
”Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',
”Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
”Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.
”Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.
”Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.
”Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la. Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm. Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.
”Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
”Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò. Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
”Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
”Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
”Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
”Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
”Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.
”Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
”Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
”Bondye, ou te lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo. Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, plen moun k'ap li nan zetwal. Peyi a tounen tankou peyi moun Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.
”Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
”Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
”Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo? W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
”Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!
”Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.
”N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!
”Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo.
”Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
”Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
”Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
”Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
”Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita. Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'? Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont! Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp. Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi. Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'.
”Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non! Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.
”Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa t' konnen m' lan.
”Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!
”Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.
”Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo! Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive. Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife. Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!
”Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.
”Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.
”Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo. Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe. Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.
”Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.
”Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo. Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
”Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.
”Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.
”M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan. Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'. Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la.
”Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.
”Pwofèt yo di nou: Pa kouri dèyè lòt bondye, pa fè sèvis pou yo, pa mete ajenou devan yo. Pa sèvi zidòl nou fè ak men nou pou Seyè a pa fache. Konsa, si nou obeyi Seyè a li p'ap pini nou.
”Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri.
”Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò. Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.
”Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo. Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.
”Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou.
”Enben! Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd wanga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwezo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y' al fè wout yo.
”-Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy? Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo. Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.
”Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo. Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.
”Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo.
”Danyèl reponn: -Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa. Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.
”Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.
”Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
”Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.
”M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò. M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò. M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo.
”Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo? Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l': Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l': Kanpe non! Eske bout bwa ak moso ròch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.
”Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò. Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.
”Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.
”Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye. Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Seyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Seyè ki gen tout pouvwa a pou yo.
”Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa. Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.
”Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.
”Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
”Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
”Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
”Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg. Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li. Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo. Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.
”Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a. Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an, li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li. Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.
”Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale. Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas. Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di: Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
”Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans. Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li.
”Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil. Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a. Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li. Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo. Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.
”Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.
”Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.
”Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.
”Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen. Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre),
”Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
”Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
”Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale. Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
”Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.
”Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la. Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.
”Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' al swiv yon lòt kalite bon nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!
”Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.
”Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
”Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
”Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.
”Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou.
”Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.
”Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
”Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!
”Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
”Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.
”Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.
”Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?
”Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li. Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
”Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.
”Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.
”Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.
”Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
”