29 – Demony

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Demony.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.

Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!

Chak vèsè nan lòd Canonical - 173 pasaj

Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri. Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal. Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.

Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'. Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.

Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi. Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo. Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (120 an) sèlman pou yo viv. Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.

Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.

Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.

Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo. Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.

Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji. Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo.

Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.

Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.

Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l' ale lavil Asdòd. Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an. Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò. Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete. Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li. Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la. Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.

Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'. Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou! Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.

Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.

Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.

Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik.

Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li. Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tèt li. Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. Koulye a, ou konnen si Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.

Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.

Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.

Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',

Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.

Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.

Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.

Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo. Seyè a mande l' konsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -M' sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Satan reponn li: -Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a? Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a. Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m' garanti ou, l'ap di sa l' pa t' dwe di sou ou nan figi ou! Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.

Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo. Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade. Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'. Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou. Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen. Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.

Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.

Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo. Yo tout pran pale, y'ap di: Gade! Yo desann ou jan ou te desann nou an. Ou tounen tankou nou. Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.

Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!

Mò ki wè ou yo ap fikse je yo sou ou. Y'ap gade ou, y'ap di: Se pa moun ki te konn fè tè a tranble a sa? Se pa li ki te konn fè chèf yo tranble a sa? Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa?

-Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men, nou pa bezwen kontan pou sa. Paske, lè yon sèpan mouri gen yon lòt ki pi mechan pase l' k'ap pran plas li. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.

Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.

Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.

-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.

-Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun. Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou. Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife. Depi jou Bondye kreye ou la, ou pa t' fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal.

Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo. Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou. Ou sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo, ou pa respekte ata tanp ou yo. Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt. Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann. Tout moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Ou fini, ou fini nèt.

Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.

Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'. Zanj Seyè a di Satan konsa: -Se pou Seyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Seyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l' pa fin boule nèt.

Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.

Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou. Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'. Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi. Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.

Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.

Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a. Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou? Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.

Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li. Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl. Men, farizyen yo t'ap di: Se chèf move lespri yo ki ba l' pouvwa pou chase move lespri yo.

Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.

Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?

Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa. Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. Si se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò. Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou. Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la. Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye. Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.

Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn. Lè sa a, li di nan kè l': M'ap tounen lakay mwen, kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l', lespri yo vin ansanm avè l', yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.

Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.

Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale. Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou. Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti? Li reponn yo: Se yon lènmi m' ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n' al rache move zèb yo?

Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.

M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.

Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò. Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou. Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.

Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.

Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?

Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.

Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.

Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.

Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.

Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.

Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a. Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.

Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo. Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan? Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan. Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan. Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini. Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l' genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', la piye kay la. Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan. Jezi te pale konsa paske yo t'ap di-Li gen yon move lespri sou li.

Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.

Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan). Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive. Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a. Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pèmisyon pou li ale ave l' tou. Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.

Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.

Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.

Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l' ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l', li lage kò l' nan pye Jezi. (Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan. Men Jezi di l' konsa: -Kite vant ti moun yo plen anvan; paske sa pa bon pou wete pen nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: -Se vre wi, Mèt. Men, ti chen ki anba tab manje ti kal pen timoun jete atè. Lè sa a Jezi di li: -Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a soti sou pitit fi ou la. Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gen tan soti sou li.

Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo. Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non. Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab. Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen. Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi. Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe. Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l' apa, epi yo di li: -Poukisa nou pa t' kapab chase lespri sa a? Li di yo: -Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa a soti.

Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)

Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.

Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a. Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch. Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon.

Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a. Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.

Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo. Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.

Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou.

Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò.

Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.

Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove.

Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri. Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè. Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an. Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale. Nonm ki te gen move lespri soti sou li a mande l' pou li ale avèk li tou. Men, Jezi voye l' ale, li di li: Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi.

Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li. Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:

Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo. Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.

Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch. Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo. Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a. Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt. Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo. Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò. Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou.

Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje. Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt. Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye. Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje. Lè sa a, li al chache sèt lòt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an.

Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm.

Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo?

Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo. Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.

Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l' pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.

Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.

Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo. Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè? Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?

Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.

Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la. Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit.

Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.

Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.

Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.

Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an, li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li. Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.

Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans. Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li. Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.

Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò.

Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti. (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kò yo an san.

Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.

M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.

Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal.

Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.

Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.

Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.

Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?

pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.

Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.

Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?

Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la.

Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.

Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la. Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè. Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.

Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.

Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou.

Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.

Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou.

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.

Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.

Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.

Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye. Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou? Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li. Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt. Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li. Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan.

Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.

Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan. Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan.

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.

Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan.

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.

Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.

Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.

Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.

Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon. Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a. Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete.

Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.

Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.

Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.

Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.

Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.

Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.

Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t' aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa.

Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.

Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa. Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo. Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo. Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun. Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon. Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay. Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa. Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.

Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.

Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo.

Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.

Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò. Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.

Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an. Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa. Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l' ale. Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap soti nan bouch dragon an. (17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye. Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a. Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la. Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li? Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa. Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la. Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a. Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande! Moun ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasians ak konfians nan Bondye.

Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon. Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a. Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè devan tout moun. Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an. Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li. Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).

Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.

Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri.

Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.

Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil. Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.

Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò. Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.

Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.

Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.

Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la. Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.

Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an. Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo.

Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net