28 – zanj yo

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: zanj yo.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.

Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 183 pasaj

Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.

Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo. Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a. Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.

Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an. Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.

Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye. De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'. Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la.

Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi! Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.

Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa: -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.

Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.

Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi.

Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li. Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.

Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè l': -Kite m' pwoche pi pre pou m' wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule?

Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.

Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an.

Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.

W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'. Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen. Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.

Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.

M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.

Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.

Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la.

Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'. Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la. Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò. Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò. Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch. Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan. Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa: Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen. Ou mouri lontan! Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non!

Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè. Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a. Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen. Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen. Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.

Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi? Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.

Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.

Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.

Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!

Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li. Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!

Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.

Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy. Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.

Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri. Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la. David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!

Li lage kò l' anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l'. Antan l' nan dòmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje! Eli voye je l' gade bò kote l', li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. Zanj Seyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l', li di l': -Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou. Eli leve, li manje, li bwè. Manje a ba li kont fòs kouraj pou li mache pandan karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.

Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.

Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: --Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.

Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon. Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: --Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.

Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: --Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.

Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: --Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.

Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la. Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la. David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.

Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a. Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.

Nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt. -(we vèsè pwochen)

Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo.

Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou. Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.

Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.

Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.

Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.

Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.

m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa? Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.

Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo. Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo. San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.

Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.

Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la. Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.

Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!

Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!

Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.

Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan. Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè. Tout poto kay Bondye a tranble lè bèt vivan yo t'ap rele konsa a. Lafimen te plen tout anndan tanp lan. Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'. Yonn nan bèt vivan yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote m' avèk chabon dife a nan men li. Li kole l' sou bouch mwen, epi li di m' konsa! -Sa a kole sou po bouch ou. Koulye a, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.

-Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.

M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan. Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal. Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun. Yo chak te gen kat figi ak kat zèl. Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli. Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon. De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo. Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè. Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo. Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo. Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'. Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.

Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak. Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo, paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire. Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo. Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou. Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo. Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.

Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal. Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo. Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye. Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a.

Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele.

Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi. Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre. Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan. Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a. Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale. Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l' te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo. Yonn nan bèt vivan yo lonje men l' nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti. Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.

Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit. Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm. Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t' bezwen vire. Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou. Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon. Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini. Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè, y'ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou. Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t'ap kontwole wou yo.

Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo. Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo. Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba. Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl. Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t'ap mache dwat devan yo.

Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo.

Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an. Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a. Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo. Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.

Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo.

Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!

Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?

Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.

Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non! Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.

Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a. Li vini, li pale avè m'. Li di m' konsa: -Danyèl, koulye a mwen vin la a pou m' ede ou konprann mesaj la.

Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou. Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou. Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.

Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen. Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere! Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen. Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m' ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m' refè. Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non! Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.

Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo. Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?

Men ki jan pwofèt la rakonte l': -Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l'. Mwen mande: -Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen: -Mwen pral fè ou wè sa yo ye. Nonm ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m' konsa: -Se moun Seyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè. Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l' konsa: -Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont. Lè sa a, zanj Seyè a pran lapawòl, epi li di: -Seyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo? Seyè a reponn zanj ki t'ap pale avè m' lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouraj li. Lèfini, zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Men sa pou ou fè moun yo konnen: Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil.

Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'. Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen. Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li. Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'. Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.

Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'. Zanj Seyè a di Satan konsa: -Se pou Seyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Seyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l' pa fin boule nèt. Jozye te kanpe la devan zanj Seyè a, ak rad li tou sal. Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: -Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: -Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou. Lèfini, li pase yon lòd, li di lòt zanj yo: -Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp. Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade. Apre sa, zanj Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo.

Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt? Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.

Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l' fè: li pran madanm li lakay li.

Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.

Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l' nan peyi Lejip la. Zanj lan di l': Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l', tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun ki te vle touye ti pitit la, yo mouri.

Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.

Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.

Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.

Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.

Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.

Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.

Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.

Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.

Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.

Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.

m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè. Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la. Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a.

Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil. Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan. Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.

Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt. Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.

Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo. Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a. Men remak ki va fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje. Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen. Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an.

Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch.

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.

Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.

Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li.

Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.

Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.

Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? (Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.

Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.

Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.

Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l' gade anndan kavo a. Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo. Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li.

Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.

Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo: Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.

Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.

Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)

Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy! Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.

Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe. Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.

Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi. Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li. Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi.

Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo. Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye. Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.

(Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.)

Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m', li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.

Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije.

Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li.

Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen.

Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li!

Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.

Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye.

Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.

Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.

Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.

Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.

Bondye pa t' bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an. Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa? Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè.

Sa se bagay ki klè: li pa t' vin pote sekou bay zanj Bondye yo. Jan sa ekri nan Liv la: Li vin pote sekou bay tout moun ras Abraram yo.

Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.

Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.

Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.

Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.

ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye.

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a.

Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.

Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak. Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo.

Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè. Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an. Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.

Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs ki t'ap pale byen fò. Li t'ap di: Ki moun ki ka kase sele yo pou louvri liv la?

Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.

Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.

Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn piebwa. Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo: Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.

Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.

Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon. Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la. Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a. Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè. Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.

Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo. Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san. Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri. Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo. Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè. Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa. Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.

Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an.

Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000).

Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife. Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm. Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li. Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li. Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl. Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò. Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa.

Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan. Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl. Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen. Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.

Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou.

Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo.

Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè.

Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo. Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a. Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an.

Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.

Yon lòt zanj soti nan tanp ki nan sièl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'. Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.

Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.

Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo. Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an. Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.

Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil. Dezyèm zanj lan vide gode pa l' la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri. Katriyèm zanj lan vide gode pa l' la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l' te boule moun ak dife l' la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye. Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a. Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.

Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a!

Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.

Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè.

Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.

Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an!

Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.

Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an.

Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.

Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a.

Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li. Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.

Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net