02 – Bondye
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Bondye.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Bondye.
Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
”Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.
”Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.
”Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
”Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
”Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo? Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.
”Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa. Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.
”Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
”Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
”Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
”Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,
”Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
”Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
”Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò. Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
”Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt.
”Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.
”paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
”Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
”Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
”Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
”Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
”Men, Seyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a.
”Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.
”Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
”Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
”Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.
”Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!
”Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
”Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
”-Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.
”Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
”Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.
”Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
”Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
”Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
”Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
”Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo. Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
”Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
”Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
”Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
”Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
”Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
”Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.
”Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
”W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
”Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
”Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
”Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
”Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
”Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
”Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
”Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
”Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
”Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
”Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
”Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
”Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
”Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
”Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.
”Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou? Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.
”Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
”M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
”Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
”Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
”Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
”Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak. Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
”Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
”Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.
”Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
”Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
”Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
”Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif.
”Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
”Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
”Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
”Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
”Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'. Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l'?
”Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
”Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
”Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
”Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
”Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
”Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
”Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.
”Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.
”Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun. Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!
”Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'! Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
”Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
”Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.
”Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
”Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
”Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
”Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.
”Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.
”Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
”Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou. Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a.
”-Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m' fè.
”Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs. Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase.
”Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.
”Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.
”Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.
”Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè. Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.
”Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
”Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante
”Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fotèy kote Bondye chita. Pa fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a.
”Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
”Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
”Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
”Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.
”Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
”Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Jezi reponn li: -Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la.
”Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
”Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a.
”Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.
”Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
”Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan.
”Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
”Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
”Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
”Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.
”Se mwen menm pen ki bay lavi a.
”Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
”Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
”Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.
”Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a.
”Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
”Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
”Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
”Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.
”Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
”Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
”Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
”Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,
”Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di: Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.
”Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
”Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
”Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
”O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy? Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa? Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.
”Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
”Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.
”pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.
”lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la. Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou. Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
”Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,
”Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a.
”Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.
”Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
”Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou.
”Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
”Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.
”Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
”Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
”Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.
”Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.
”Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
”Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.
”Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.
”ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
”Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
”Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.
”Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
”Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.
”Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.
”Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
”Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
”Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri.
”Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li. Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd. Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak. Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo. Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè. Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole. Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an. Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.
”Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè.
”Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.
”Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.
”Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
”Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
”Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.
”Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.
”