03 – Moun
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Moun.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Moun.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
”Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
”Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
”Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.
”Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
”Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
”Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti. Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl. Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.
”Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
”Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
”Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (120 an) sèlman pou yo viv.
”Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn.
”Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
”Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
”Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.
”Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò.
”Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
”Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
”Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo. Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
”Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
”Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò? Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè? Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen. Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po. Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.
”Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
”Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.
”Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.
”Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
”M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.
”Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?
”toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou, mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.
”Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.
”m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
”Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè. Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo, zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.
”Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.
”Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.
”Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
”Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
”Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
”Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
”Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
”Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.
”Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè. Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?
”Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.
”Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
”Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!
”Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.
”Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.
”Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye. Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè. Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
”Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil! Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
”Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
”Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou. Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
”Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
”Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle. Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.
”Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.
”Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.
”Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.
”Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
”Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.
”Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.
”Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
”Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann. Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!
”Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
”Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
”Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
”Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
”Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.
”Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote. Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou. Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.
”-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.
”Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'.
”Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.
”Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
”Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
”M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
”Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
”Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
”Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
”Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.
”Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l' sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
”Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
”Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
”Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
”Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.
”Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.
”Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.
”Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo.
”Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.
”Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.
”Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
”Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.
”Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
”Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.
”Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
”Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant. Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.
”O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.
”Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
”Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
”Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.
”Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
”M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.
”Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò.
”Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.
”Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?
”Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi. Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
”Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv.
”Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.
”Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
”Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
”Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.
”Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.
”Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou. Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la. Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.
”Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.
”Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la. Konsa, lè m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni. Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi.
”Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
”Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
”Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.
”Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
”Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
”Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.
”Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.
”Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.
”Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
”Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen: Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo. Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.
”Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.
”Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.
”Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
”Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.
”Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
”Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
”Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal. Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.
”Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa? Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè. Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm, sa vle di pa gen anyen ki pa sou zòd yo. Men, nou wè koulye a moun pa gen pouvwa sou tout bagay.
”Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
”Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.
”Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
”Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.
”Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.
”Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.
”Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe.
”Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.
”Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
”Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.
”Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.
”Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
”