06 – lanfè
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: lanfè.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: lanfè.
Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
”Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
”Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
”Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an. Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.
”Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
”Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
”Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
”Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
”Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
”Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
”Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.
”Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo. Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
”Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo.
”Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
”Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.
”Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.
”Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
”Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo.
”L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
”Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
”Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.
”Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a.
”Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'. Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.
”Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
”Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.
”Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann. Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.
”L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman. L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
”Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a. Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase! Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal! Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò. Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
”Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.
”Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo. Yo tout pran pale, y'ap di: Gade! Yo desann ou jan ou te desann nou an. Ou tounen tankou nou. Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.
”Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!
”Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.
”Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
”L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
”Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou.
”Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife. Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.
”Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!
”Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
”Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt.
”L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò.
”Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
”Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
”Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
”Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.
”Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
”Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo. Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
”Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
”Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.
”Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.
”Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
”Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
”Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
”Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo. M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di. Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
”Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
”Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
”Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
”Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.
”Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
”Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.
”Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?
”L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
”Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.
”Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.
”Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
”Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?
”Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè. Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.
”Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
”Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
”Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?
”Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a. Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
”M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.
”Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
”Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo: Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti. Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou. Men, la reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou soti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal. Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.
”Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.
”Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
”Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
”Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.
”Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
”David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti.
”Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
”Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.
”Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
”Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.
”Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
”Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
”Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a. Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.
”Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.
”La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.
”Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
”Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
”Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman. Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
”Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò. Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.
”Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.
”Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye.
”Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.
”Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.
”Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
”Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.
”Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
”Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.
”Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.
”Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt. Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.
”Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.
”Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.
”Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.
”Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.
”Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt.
”Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete. Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
”Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
”Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.
”Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
”Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a. vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.
”Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.
”Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.
”Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an. Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo. Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
”Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
”Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.
”Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.
”