21 – Adorasyon
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Adorasyon.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Adorasyon.
Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an. Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.
”Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
”Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
”Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye. Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram. Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran.
”Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,
”Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
”Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.
”Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Seyè a, mwen fè lwanj Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m' tout dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l' lan.
”Lè domestik Abraram lan tande sa, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.
”Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
”Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.
”Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.
”Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
”Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit. Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.
”Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
”Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè. Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
”Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an! Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.
”Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
”Seyè a ap gouvènen pou tout tan.
”Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la.
”Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn.
”Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè. Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan. Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
”Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt. Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz. Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan. Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.
”Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
”Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz. Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo. Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.
”Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.
”Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa. Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a. Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'.
”Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a. Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye.
”Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
”Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan. Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
”Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.
”Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la. Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
”Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
”Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten. Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.
”Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,
”Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.
”Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè.
”Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y' ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo.
”Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
”moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.
”Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò. Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
”Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.
”Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa.
”Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
”paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
”Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fè sèman. N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.
”Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Seyè ki gen anpil pouvwa a, Bondye moun fèt pou respekte a,
”Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa! Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
”Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
”Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li. Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
”Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.
”Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo. Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.
”Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.
”Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
”Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!
”Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy. Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
”Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
”David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
”Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyè a. Li pa t' gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l'. Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Seyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la. Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò.
”Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
”Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
”Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou.
”Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
”Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
”Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
”Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: --Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
”David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt.
”David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.
”David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li. Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la. Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a lavil Jerizalèm, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Bwat la. Li vin pa gen yon san pou li ankò.
”Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo. Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt. Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
”Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a. Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou. Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!
”Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.
”Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
”Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis. Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt. Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè pou l' lapriyè. Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè, epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
”Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri. Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan. Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
”Prèt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prèt yo t'ap kònen twonpèt, tout pèp Izrayèl la menm te rete kanpe.
”Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
”Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
”Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
”Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.
”Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.
”Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.
”Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.
”Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye. Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la. Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
”Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.
”Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.
”Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi.
”Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li. Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
”Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
”Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
”Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
”Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'. Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,
”Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou. Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.
”Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'. Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal. Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.
”Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache. Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde! Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw. Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
”Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.
”Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè. Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
”Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
”Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
”Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.
”Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!
”Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!
”Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.
”Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
”pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
”Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
”Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
”M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.
”Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou.
”Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache. Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
”Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
”Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
”Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
”Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
”Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
”M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn. M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
”Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
”Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
”Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a. Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
”Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
”Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a! Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a. Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!
”Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
”Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
”Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
”Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li. Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li. Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.
”Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
”M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
”Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze. Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.
”Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
”Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa!
”Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan. Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
”Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?
”Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
”Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
”Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou. Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
”Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
”Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.
”Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
”Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.
”Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
”se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
”Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
”Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
”Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
”Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
”Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
”Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.
”Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.
”Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè. M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou. Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
”Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
”Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou. Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
”Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo? Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
”Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
”tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
”Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a, pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
”M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
”Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
”Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!
”Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou. Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou. Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.
”M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
”Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.
”Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
”Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.
”Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a. Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
”Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo! Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
”Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
”Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
”Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
”Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
”Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
”Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif. Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
”Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.
”Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
”Chante Etan, moun peyi Ezra. Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.
”Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou! Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
”W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
”Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
”Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
”Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
”Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
”Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'. Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri. Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri. Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
”Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
”Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
”Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
”Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
”Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.
”Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
”Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
”Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante. Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.
”Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble! Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo. Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye! Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt. Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
”Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.
”Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi! Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
”Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè!
”Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
”Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
”Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.
”Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
”Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi! Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!
”Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
”Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
”Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!
”Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt! Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li. -(we vèsè pwochen)
”Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou. Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?
”Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!
”Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
”Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.
”Se yon chante David. Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve! Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
”M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
”Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.
”Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li! Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
”Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
”Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
”Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
”Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!
”M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. -(we vèsè pwochen) Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
”Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!
”Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
”Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
”Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!
”M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.
”Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.
”Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.
”Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.
”Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.
”Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!
”Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
”Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!
”Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou! M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a. Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj. Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou. Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!
”M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
”Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.
”M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou.
”Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
”Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
”M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
”Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a! M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
”Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!
”Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!
”Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak. Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit. Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè. Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
”Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la! Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li. Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li! Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li. Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt. Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.
”Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a, dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè, gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo, tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl. Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm, jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
”Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini! Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo. Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la. Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
”Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!
”Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.
”Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
”Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl. Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa! Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
”Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
”Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!
”Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
”Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.
”Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
”Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
”Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.
”Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan. Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè. Tout poto kay Bondye a tranble lè bèt vivan yo t'ap rele konsa a. Lafimen te plen tout anndan tanp lan. Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.
”Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
”Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
”Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè. Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
”Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.
”Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa. Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
”Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la. Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò. Se poutèt sa, moun gwo nasyon yo ap fè lwanj ou. Lwijanboje ki rete nan lavil gwo peyi yo va gen krentif pou ou.
”Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
”Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo.
”Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l' lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la. Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.
”Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi.
”Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
”Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
”Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou.
”Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li.
”Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?
”Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè? Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete. Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
”Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
”Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
”Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
”Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an. Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo. Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan! Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.
”Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.
”Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
”Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!
”Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.
”Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
”Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
”Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa t' konnen m' lan. Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.
”Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.
”Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
”Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'! Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
”Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
”Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje. Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'.
”Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
”Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
”Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an! Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.
”Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.
”N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
”Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
”Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini. Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
”pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
”Kote Bondye ki te kanpe sou bò dwat Moyiz la pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li, lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka toujou chonje sa l' te fè a?
”Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou!
”Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.
”Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa. Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Seyè a menm ki di sa.
”Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'.
”Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
”Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
”Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.
”Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.
”N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou.
”-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou. Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a.
”-Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m' fè.
”vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa.
”Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!
”Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!
”Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.
”Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye. Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a. Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun. Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a. Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
”Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.
”Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè.
”La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an.
”Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a. Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.
”Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo. Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
”Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo. Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a.
”Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.
”Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè. Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè. Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan. Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt. Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa: -Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.
”Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas.
”Menm jou lannwit sa a, Bondye fè Danyèl konprann rèv la nan yon vizyon. Lè sa a, Danyèl fè lwanj Bondye ki nan syèl la. Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs. Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase. Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.
”Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
”Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.
”Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
”Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.
”Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.
”Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.
”Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
”Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.
”Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li.
”Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
”Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè. Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li.
”Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.
”Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
”Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
”Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
”Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.
”Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
”Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.
”Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
”Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.
”Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
”Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li.
”Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
”Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.
”Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
”Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.
”Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn
”Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
”Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.
”Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.
”Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.
”Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
”Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
”Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li. Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè.
”Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
”Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
”Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
”Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
”Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
”Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.
”Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.
”Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo soti, y ale sou mòn Oliv la.
”Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
”Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
”Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.
”Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li.
”Lè yo wè l', yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t' fin kwè nèt. Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
”Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t'ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
”Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.
”Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
”Jezi reponn li: -Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la. Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.
”Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
”Apre yo fin chante chante fèt la, yo soti, y' ale mòn Oliv.
”Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
”Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
”Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
”Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.
”Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.
”Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa. Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
”Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.
”Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
”Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
”Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.
”Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
”Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
”Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li.
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
”Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:
”Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
”Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
”Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan.
”Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande. Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.
”Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
”Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.
”Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele.
”Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
”Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
”Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a. Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
”Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
”Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
”Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!
”Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.
”Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
”Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
”Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
”Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou. Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.
”Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a. Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti. Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.
”Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
”Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
”Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
”Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.
”Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
”Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?
”Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la. Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik.
”Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.
”Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò.
”Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.
”Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a.
”Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.
”Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an. Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
”Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo. Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
”Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?
”Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
”Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?
”Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
”Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!
”Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.
”Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la.
”Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye.
”Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.
”Lè sa a Bondye di l' ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye.
”Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
”Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.
”Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
”Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.
”Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.
”Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
”Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.
”O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?
”Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.
”Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.
”Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.
”Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an. Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li. Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou. Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a. Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!
”Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye. Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.
”Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.
”Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
”Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.
”Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
”Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l' te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
”Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.
”Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!
”Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a. Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.
”Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen. Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil. Mwen mande l' pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la. Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou. Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
”Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a, ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo. M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen, pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye. Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!
”Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.
”Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l' te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li.
”Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
”Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
”Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
”Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.
”Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
”Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.
”Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
”Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.
”Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
”Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.
”Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.
”Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf. Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.
”Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
”Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
”Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li. Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife. Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
”Okontre, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l' pi ba pase zanj yo, pou l' te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Koulye a, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.
”jan l' te di sa nan Liv la: Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m' yo. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
”Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
”Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.
”Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.
”Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
”Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.
”Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
”Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.
”Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif. Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.
”Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.
”Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.
”Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li. M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
”Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.
”ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
”Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.
”Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.
”Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen. Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
”Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
”Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
”benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo. Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn. Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
”Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
”M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife. Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi. Lè mwen wè l', mwen tonbe nan pie l' tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m' konsa: Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premie, se mwen ki dènye. Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.
”Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li. Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd. Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak.
”Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo. Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.
”Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an. Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di: O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.
”Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la. Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a.
”Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
”Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.
”Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou.
”Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.
”Mwen tande yon vwa ki soti nan sièl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè. Moun sa yo, se moun ki pa t' fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an. Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.
”Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
”Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
”Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.
”Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
”Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.
”Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an! Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran! Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa. Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.
”Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
”Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.
”Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo.
”Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.
”Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo.
”Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.
”