31 – Evanjelis

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Evanjelis.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!

Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?

Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 307 pasaj

Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.

Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen.

Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare. Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a? Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.

Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito? Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou. W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè. L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.

Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an.

Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen. Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.

M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan. Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.

Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.

Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl. Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann. Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann. Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.

Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann. Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.

Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou. Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.

Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.

lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.

Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.

Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.

Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo. Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.

Apre sa, mwen tande Seyè a ki t'ap di: -Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: -Men mwen. Voye m'!

Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive! Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.

W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.

Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.

Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!

Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!

Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.

Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale. Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo. Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa. Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.

Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.

Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo. Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la. Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo.

Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.

Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a.

Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt. Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.

Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.

Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.

Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.

Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.

Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li.

Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.

Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo. Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.

Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mamit. Men, yo mete l' sou yon etajè, pou l' klere pou tout moun ki nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.

Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.

Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.

Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l'. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.

Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.

Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje. Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.

Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.

Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon. Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.

Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.

Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.

Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.

Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis. Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò. Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.

Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, li ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la. Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.

Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.

Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.

Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: Ala, yon moun soti pou l' ale simen grenn nan jaden l'. Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo. Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a. Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasen yo pa t' fon. Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.

Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.

Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l' pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.

Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.

Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.

Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan. Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan. Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la. Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?

Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini. Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la. Men, envite yo pa fè ka sa l' voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l', yon lòt ale nan trafik li. Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo. Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.

Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa. Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.

Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.

Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo.

Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.

Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.

Men li reponn yo: -Ann al yon lòt kote, nan lòt bouk yo nan vwazinaj la. Fòk mwen fè yo konnen mesaj la tou. Se pou sa menm mwen vini.

Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.

Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

-Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li. Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon. Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100). Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande. Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l' yo ansanm ak douz disip li yo di li: -Esplike nou parabòl sa a non. Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl. Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.

Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute! Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.

Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li. Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l' pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi. Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la. Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive.

Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye? Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè. Men, lè ou fin simen l', li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l', li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo.

Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou. Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l' pale.

Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. Li pase yo lòd sa a: -Pa pran anyen pou vwayaj la, esepte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou. Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.

Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.

Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.

Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo. Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.

Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la, moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.

Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.

Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.

Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.

Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.

Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.

Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.

Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.

Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la.

Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,

Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.

Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche. Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon. Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran. Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche. Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi.

Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi.

Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.

Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la. benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.

Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.

Yon nonm soti pou li ale simen grenn nan jaden li. Pandan l' t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwezo nan syèl vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch; grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pa t' jwenn tè fre. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Disip li yo mande l' kisa parabòl sa a vle di. Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.

Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.

Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a.

Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.

Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a.

Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa. Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.

Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.

Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan.

Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an.

Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.

Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.

Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.

M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.

Lè y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n' chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n' di. Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.

Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon. Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa. Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.

Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.

Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan.

Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.

Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò?

Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.

Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.

Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan; li t'ap moutre pèp la anpil bagay; li t'ap anonse yo bon nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive.

Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.

Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.

Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.

Jezi di yo ankò: Lè m' te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t' manke anyen. Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l' pran l'; sa ki gen manje se pou l' pran l' tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l' vann rad li pou l' achte yonn.

Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. Nou temwen tout bagay sa yo.

Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.

Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa. Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri. Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa. Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.

Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a. Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la?

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase. Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.

Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.

Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive. Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.

Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre.

Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo.

Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.

Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an. Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè.

Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.

Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.

Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.

Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.

Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout.

Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon. Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.

Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi. Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.

Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou. Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.

Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.

Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.

Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a. Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm? Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.

Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a. Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.

Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze. Nou konnen sak te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo kòmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a.

Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la.

Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.

Kònèy rakonte nou ki jan l' te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè). Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.

Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.

Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a. Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.

Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.

Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,

Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a.

Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo. Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè. Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a.

Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a. Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm.

Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè. Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.

Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.

Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.

Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi). Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.

Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye.

Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa. Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas. Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou. Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.

Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre? Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo. Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la. Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou.

Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.

Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil. Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a. Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li. Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo. Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.

Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo. Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen. Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.

Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo. Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a.

Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi. Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a. Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.

Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.

Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.

Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa.

pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.

Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li. Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.

Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.

Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li. Se poutèt sa, m' anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm. Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.

Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!

Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?

Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse. Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.

Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.

Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.

Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen. Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye. Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete.

Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a. Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a. Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè. Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a. Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye. Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.

Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo. Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li. Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la. Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.

Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.

Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt. Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.

Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!

Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen. Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.

Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la. Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.

Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen. Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.

Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa. Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè.

Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan. Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.

Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la. Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?

Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa, nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou. Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras. Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè koulye a, sitèlman li depase l' anpil. Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen.

Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa.

Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò. Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.

Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.

Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.

Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche.

Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.

Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.

Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa.

Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvèl la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fè grandizè pou travay lòt moun deja fè nan limit pa yo.

Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?

Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!

Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi. M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun.

Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Wi, Kris la te vini, li anonse bon nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.

Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la. Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.

Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m' nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyè a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen. Gen ladan yo k'ap fè konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tèt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lòt tou k'ap fè l' ak bon lide nan tèt yo. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l' pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l' pou chache m' kont. Yo konprann yo ka fè m' lapenn antan m' nan prizon an. Men, sa pa fè m' anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m' kontan. M'ap pi kontan toujou,

Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi. Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li. Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a, pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li. Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a. Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.

Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a. Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a. Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou. Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.

Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn. Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn. Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun. Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo. Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou! Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.

Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.

Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an. Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè. Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.

Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a. Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.

Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre. Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.

Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.

Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.

M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil. Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,

Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a. Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye. Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.

Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.

Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.

Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.

Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò, konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.

Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a bon nouvèl la te pote ban nou.

Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt. Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon.

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.

Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.

Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.

Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.

Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a. Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesaj ki soti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l' konnen an.

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.

Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou.

M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou. De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li.

Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo. Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip. Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi (1/2) jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè. Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.

Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

(17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.

Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.

Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon. Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.

Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net