26 – Gouvènman
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Gouvènman.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Gouvènman.
Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
”Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
”Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
”Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
”Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
”tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.
”Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
”M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
”Bondye di l' ankò: -Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon.
”M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou. Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'. Li fè l' moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a apre cha wa a. Li bay gad onè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo di byen fè: Abrèk. Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. Farawon an di Jozèf: -Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pesonn pa gen dwa fè anyen ni al ankenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou.
”Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo. Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
”Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo. Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou. Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò. Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
”Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò.
”Seyè a ap gouvènen pou tout tan.
”Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. W'a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè. Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'.
”Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
”Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo. Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
”Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
”Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò. Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo. Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a. Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l' pou pèp ki te la anvan nou yo.
”Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò. Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a. Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
”Men tout prensip, tout lòd ak tout kòmandman Seyè a te bay Moyiz lòd mete nan kontra li te siyen ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.
”Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou. Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò. Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.
”Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo. Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'. Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
”Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.
”Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo. Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou.
”Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
”Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvènen pèp Izrayèl la. Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen. Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
”Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a. Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.
”Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo. Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'. Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li. L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (1000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo. L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li. L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo. L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li. L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li. L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li. Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou.
”Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou, pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou.
”Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an.
”Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a.
”Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.
”Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil! Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Seyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo.
”Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y' ale ansanm ak Sayil. Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.
”Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè. Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.
”Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.
”Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.
”Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou. Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li. Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè. Men, si nou pa koute sa Seyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an.
”Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou. Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou.
”Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.
”Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil. Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a. Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou. Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la. Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a. Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a.
”Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a. Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
”Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a. Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a. Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.
”Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
”Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a. Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa. David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li. Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.
”Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm. Men tanpri, pwomèt mwen, nan non Seyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m' pa disparèt nan fanmi papa m'. David pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l' yo.
”Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a. Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè. Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale. David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo.
”David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'? David rele yonn nan moun li yo. Li di l' konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l' frèt. David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
”Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.
”Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm. Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan. M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li. Men, m'ap toujou soutni l', mwen p'ap lage l' jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l' tonbe pou m' te mete ou nan plas li. Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan. Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.
”David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.
”Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
”Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a.
”Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon! Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.
”Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo. Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la.
”Yon jou lannwit, Seyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l' konsa: -Kisa ou ta vle m' ba ou? Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a. Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'. Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'. Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'? Seyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l'. Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
”Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. Salomon te marye ak sètsan (700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo.
”Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon, atout li te ba li lòd pou li pa sèvi bondye lòt nasyon yo, Salomon pa t' koute Seyè a, li pa swiv lòd li yo. Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou.
”Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a. Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.
”Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
”Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò. Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.
”Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo. Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.
”Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache. Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.
”Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.
”Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon. Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
”Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li. Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè. Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an. Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li.
”Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
”Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.
”Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
”Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
”Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
”Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a. Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
”Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a. Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
”Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo. Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
”Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo. Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li. Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'. Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
”Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
”Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa! Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Seyè a te bay, n' al adore zidòl Baal yo. Koulye a, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m' sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.
”Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo. Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l': -Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.
”Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, pwofèt lavil Tichbe a, li di l' konsa: -Al jwenn wa Akab nan peyi Samari. W'ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabòt la. Li vin pran l' pou li. W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou. Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a. Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou. Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal. Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl. Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la.
”Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li. Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo. Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou. Apre sa, Seyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: -Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.
”Y' al lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Seyè a te di sa t'ap rive a. Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
”Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo. Jozafa te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.
”Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari. Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li swiv egzanp papa l' ak manman l'. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal. Li sèvi Baal, li adore l' tankou papa l' te fè a. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.
”Li di wa a konsa: --Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri. Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.
”Lè sa a, wa Jozafa t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari. Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men pa tankou papa l' ak manman l' Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l' te mete kanpe pou sèvis Baal la. Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.
”Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'. Li te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan witan. Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a.
”Li te gen venndezan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayèl. Okozyas mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou yo.
”Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: --Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': --Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: --Pou ou wi, chèf. Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: --Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an. Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo. Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M'ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun.
”Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade. Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: --Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou! Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: --Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt. Jeou di yo: --Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la. Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: --Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye. Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo. Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: --Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl. Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.
”Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: --Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'. Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal. Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an. Jeou voye bay nouvèl la nan tout peyi Izrayèl la. Tout moun ki sèvi Baal yo vini. Pa t' gen yonn ki pa t' la. Yo tout antre nan tanp Baal la, yo plenn l' nèt. Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: --Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn. Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: --Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou. Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: --Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li.
”Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.
”Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.
”Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: --Men yo moute yon konplo sou do m!
”Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'. Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo.
”Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari. Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.
”Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan sèzan nan lavil Samari. Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li lage kò l' pi rèd ladan l'.
”Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida. Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'. Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.
”Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an. Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
”Wa Jewoboram te gen vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida. Li te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, menm jan ak Amasya, papa l'. Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.
”Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa. Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
”Wa Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa. Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l' al atake Chaloum. Li touye l', lèfini li moute wa nan plas li.
”Wa Azarya t'ap mache sou tranteyennan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan. Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
”Wa Azarya t'ap mache sou senkantan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan. Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
”Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan. Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.
”Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida. Li te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'. Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Seyè a.
”Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida. Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'. Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv. Li fè touye bèt, li boule lansan nan tout tanp zidòl yo sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.
”Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan. Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo.
”Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida. Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari. Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a. Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan. Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'. Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
”Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: --Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò. Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a. Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a.
”Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': --Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: --Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. Ezayi di l' konsa: --Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: --Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. Ezayi di wa Ezekyas konsa: --Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou: Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
”Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l' te rele Efziba. Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm. Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la. Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò. Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.
”Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.
”Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l' te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba. Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo. Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la.
”Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
”Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: --Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'. Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: --Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Lèfini, li di wa a: --Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a. Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: --Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.
”Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon. Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an. Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.
”Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a. Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la. Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.
”Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.
”Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l' te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma. Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.
”Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm. Li fè sa ki mal devan Seyè a tankou papa l'.
”Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an. Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a. Nèbikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l', madanm li yo, chèf nan gouvènman l' yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn. Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
”Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna. Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin. Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
”Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li. Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.
”Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.
”Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo.
”Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la. Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
”Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a. Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba.
”David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la. Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
”Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvènman l'. Seyè a, Bondye li a, te kanpe la avè l', li te ba li anpil pouvwa. Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo. Li ba yo lòd pou yo ale avè l' kote yo fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Seyè a, te fè lè yo te nan dezè a. Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.
”Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè pou l' lapriyè. Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè, epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.
”Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri. Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan. Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo. Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a. Wa Salomon te ofri venndemil (22.000) towo ak sanvenmil (120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
”Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen. Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la, lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
”Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a.
”Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil (500.000) nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la.
”Jewoboram pa janm pran pye ankò pandan tout rèy Abija. Bout pou bout, Seyè a frape l', li mouri.
”Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la. Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete. Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo. Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze.
”Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.
”Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.
”Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè.
”Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo. Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo. Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.
”Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li. Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li. Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.
”Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a? Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase sot nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon. Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di: -Arete Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a. Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ak malè. Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi.
”Lè sa a, yon sòlda peyi Siri rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav. Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.
”Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a. Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis. Men Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l': -Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Seyè a pral kraze sa ou te bati a. Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.
”Joram te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a.
”Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram. Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a. Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri. Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo.
”Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan yon sèl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri. Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy. Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt.
”Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.
”Lè Atali tande bri pye pèp la ki t'ap kouri epi ki t'ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a. Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l'. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m'.
”Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Lè yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l' la.
”Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t' ankò mouri.
”Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a. Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa!
”Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li.
”Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'.
”Ozyas te gen sèzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. Ozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a menm jan ak Amasya, papa l', te fè l'. Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen.
”Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an. Azarya, prèt la, antre dèyè l' ak katreven lòt prèt Seyè a, tout vanyan gason. Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa. Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li. Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'. Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fè l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyè a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palè a. Se li menm tou ki te gouvènen pèp la nan peyi a.
”Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.
”Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'. Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo. Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.
”Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a. Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la. Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm. Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.
”Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari. Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'. Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
”Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou. Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe. Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo. Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas.
”Se konsa, lè wa Babilòn yo te voye delege bò kote l' pou wè kalite mirak ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite l' pou kont li pou sonde l', pou l' te ka konnen sa ki te nan kè li.
”Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan. Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la. Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò. Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen. Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a. Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
”Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'. Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn. Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo. Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.
”Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Seyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la. Li fè repare lotèl Seyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Pèp la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Seyè a, Bondye yo a, ase.
”Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan dezan. Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. Li ofri bèt pou yo touye, li fè sèvis pou tout zidòl papa l' te fè fè yo. Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.
”Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l' nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal. Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.
”Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l' li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Seyè a. Epi li ba li l'. Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l' konsa: -Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè. Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Seyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo. Lèfini, Chafan di wa a: -Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv. Chafan li liv la pou wa a. Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi. Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: -Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.
”men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a. Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase. Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la. Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
”Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a. Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.
”Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa.
”Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye li a.
”Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Seyè a.
”Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
”Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Li fè sa ki mal devan Seyè a, li pa t' soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li. Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.
”Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò. Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a. Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo. Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la. Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.
”Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la: -Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.
”Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la: -Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan.
”Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese.
”Kèk tan apre sa, wa Asyeris mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Li nonmen l' chèf sou tout lòt chèf nan peyi a apre wa a. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag. Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou montre jan yo respekte l'. Tout anplwaye yo te fè sa vre esepte Madoche ki te derefize fè bagay konsa. Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la. Chak jou yo te dèyè l' pou l' te konfòme l'. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen.
”Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li. Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo. Yo voye yon kopi piblikasyon an nan chak pwovens avèk lòd esprès pou yo te fè tout moun konnen pou yo pare kò yo pou jou sa a. Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.
”Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an. Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
”Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?
”Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen?
”Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.
”Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
”Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an. Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou. Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou. W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
”Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
”Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
”Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
”Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
”Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
”Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
”Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
”Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
”Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
”Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
”Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis. Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
”Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon. Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.
”Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman. Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès. Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun. Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti. Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan. Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
”Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg. Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal. Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
”Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
”Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
”Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
”Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo. Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
”Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo. Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa. Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt. Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis. Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo. Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
”Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo. Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.
”Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn. W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye. Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.
”Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'. Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè. Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.
”Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.
”Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a. Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle. Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l' poukisa l'ap fè sa l'ap fè a.
”Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.
”Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a. Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou. Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a. Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
”Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen. Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.
”L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
”Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.
”Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
”Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
”Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non! Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!
”Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an. Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
”Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
”Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
”Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.
”Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:
”Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.
”Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.
”Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.
”Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
”Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
”Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande! Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'. Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la. Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe. Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m' plezi, si li pa koute m', mwen p'ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a.
”tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou. Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.
”Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè. Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè. P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon. Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Seyè a pral ravaje peyi yo.
”Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou.
”Lavil Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Koulye a, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l' tounen yon dezè san moun ladan l' nan mitan tout nasyon yo!
”Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan. Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.
”Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
”M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
”Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.
”Sa se rèv ou te fè a. Koulye a, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di. Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a. Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè. Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè. Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la. Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb. Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pa t' pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache. Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan. Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.
”Lè sa a, wa Nèbikadneza tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Danyèl, epi li bay lòd pou yo fè ofrann bèt pou touye ak lòt ofrann ba li. Wa a di Danyèl konsa: -Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m' konprann sans rèv mwen te fè a. Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo. Danyèl mande wa a pou li mete Chadrak, Mechak ak Abèdnego reskonsab òganize travay gouvènman an nan pwovens Babilòn lan. Danyèl menm te rete nan palè wa a.
”Wa Nèbikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevendis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l' kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan. Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l' nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis. Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a. Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou. Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l'. Tout moun ki refize mete ajenou devan estati a pou adore l', y'ap pran l' al lage tou vivan anndan yon gwo fou tou limen. Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a, yo adore l'. Te gen moun tout nasyon ki soti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang.
”Lè sa a, gen kèk moun lavil Babilòn ki pwofite al denonse jwif yo. Yo di wa Nèbikadneza konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe. Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l' tout vivan nan gwo fou tou limen an. Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. Lè Nèbikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a. Wa a di yo konsa: -Chadrak, Mechak ak Abèdnego, èske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a? Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.
”Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'. Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la. Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an. Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo. Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri. Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an.
”Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a. Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo.
”Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a. Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa. Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan.
”Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout. Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen. Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.
”Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!
”Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
”Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.
”Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre. Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn, li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg. Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò. Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen. Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l' pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l'. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwezo.
”Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba. Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont! Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m', yo mete m' wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan. Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
”Gen yon moun nan peyi ou la ki gen lespri bondye nan syèl yo nan li. Lè papa ou te la, nèg sa a te moutre jan li gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann sou li tankou bondye yo. Lè sa a, papa ou, wa Nèbikadneza, te nonmen l' chèf sou tout divinò, tout majisyen, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save yo.
”Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay. Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle. Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a. Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
”Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo. Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li. Se poutèt sa Bondye voye bout men sa a ekri pawòl sa yo. Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe. Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa. Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz. Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo. Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a. Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan. Epi, Dariyis, moun peyi Medi a, pran pouvwa a. Dariyis te gen swasanndezan sou tèt li lè sa a.
”Dariyis deside chwazi sanven (120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. Danyèl sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l' reskonsab tout peyi a. Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li. Lè sa a yonn di lòt: -Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l' la. Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo. Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'. Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.
”Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la. Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje. Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'! Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl. Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.
”Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'.
”Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.
”Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo. Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze! Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini. Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'! Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.
”Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.
”Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè. Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.
”Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'. Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.
”Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo. Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.
”L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò.
”Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
”Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive.
”Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
”Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a.
”M'ap detwi nou, nou menm pèp Izrayèl la, paske nou vire sou do mwen, mwen menm ki tout sekou nou. Nou te mande pou yo ban nou yon wa ansanm ak lòt chèf. Men, kote wa ki pou te sove nou an? Kote tout chèf ki pou te defann nou yo? Mwen te fè kòlè, mwen te ban nou wa a. Men, apre sa, nou fè m' fache pi rèd, mwen wete l' nan mitan nou.
”Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.
”M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis? Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo. N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou dekoupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè.
”Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle. Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.
”L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
”Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
”Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
”Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.
”Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm. Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li. Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou l' fèt? Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l' fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou soti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.
”Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la. Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Li pati, li ale nan peyi Lejip. Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l' soti kite peyi Lejip.
”Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.
”Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'. Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.
”Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.
”Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
”Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.
”Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
”Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
”Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou. Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato. Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a. Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li.
”Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan? Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje? Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan. Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.
”Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit? Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan. Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.
”Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
”Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
”Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò. Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.
”Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt. Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
”Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen. Pilat di li: Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou? Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.
”Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li. Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li. Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo! Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt. Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.
”Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.
”Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
”Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
”Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo. Gen lòt ki t'ap di tou: -Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: -Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: -Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.
”Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l' nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: -Ou pa gen dwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse. Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l' konsa: -Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la soti, li al di manman li: -Kisa m' ta mande? Manman an reponn li: -Mande tèt Jan Batis. Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l' demann sa a: -Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis koulye a, nan yon plato. Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou li al chache tèt Jan Batis pote vini. Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an; li pote l' vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la; madmwazèl la menm pote l' bay manman li.
”Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: -Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.
”Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
”Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.
”Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini. Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou kay granprèt la. Li te chita avèk gad yo bò dife a, li t'ap chofe kò li. Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l' amò, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm. Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pa t' dakò.
”Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: -Sa nou bezwen temwen ankò fè? Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò. Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
”Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat. Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li. Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li. Pilat mande l' ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou. Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
”Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?
”Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la? Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa!
”Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa. Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini. Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li. Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo! Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
”Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
”L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.
”Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo te konte dènye moun ki nan peyi l'ap gouvènen yo. Premye travay sa a te fèt nan tan Kireniyis t'ap kòmande nan peyi yo rele Siri a. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti.
”Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn. Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a.
”Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè. Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.
”Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo. Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi.
”Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè;
”Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.
”Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
”Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.
”Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo: Moutre m' yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye.
”Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.
”N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
”Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou. Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen? Epi yo t'ap di l' anpil lòt jouman ankò. Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo. Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.
”Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa. Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
”Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè, epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm! Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
”Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.
”Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
”Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo. Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li. Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
”Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.
”Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.
”Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la.
”Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye? Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa? Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a. Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?
”Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
”Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li. Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa? Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou. Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.
”Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an. Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
”Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
”Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande. Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a.
”Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di. Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon.
”Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.
”Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo: Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a. Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di: Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an. Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la. Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon. Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.
”Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
”Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.
”Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe. Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an. Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè. Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn. Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi. Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li. Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi. Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote.
”Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase. Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan.
”Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon. Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo. Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye. Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.
”Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.
”Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
”Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo. Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze. Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò. Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè. Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la. Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.
”Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la. Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi. Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a.
”Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.
”Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa. Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal? Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi. Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi. Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn. Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.
”Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt. Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan. Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a? Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal.
”Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou. Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan. (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan.
”Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv. Men sa Pòl di pou defann tèt li: Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza. Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m' sou zafè sa a? Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen. Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l' di: Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza.
”Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la. Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza.
”Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè. Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen? Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo! Wa a, gwouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve. Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò. Agripa di Festis konsa: Si nonm sa a pa t' mande pou Seza tande l', ou ta ka lage l' wi.
”Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m', li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
”Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li. Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo. Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò. Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo.
”Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo. Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal. Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen. Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte.
”Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.
”Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.
”Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
”Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li.
”Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.
”Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pa t' esklav la. Konsa, frè m' yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t' esklav la.
”Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
”Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
”Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
”Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou. Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la.
”Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.
”Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.
”Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
”Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la.
”Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.
”Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.
”Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la. Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.
”Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.
”Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
”Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.
”Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
”Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen. Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.
”Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
”Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la. L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.
”Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.
”Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.
”Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
”Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou. Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo. Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf. Soumèt devan majistra yo, paske wa a voye yo pou peni tout moun k'ap fè mal, pou fè lwanj tout moun k'ap fè byen. Paske, Bondye vle pou n' fè sa ki byen, pou n' ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann. Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye. Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a. Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.
”Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye.
”sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye.
”Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.
”Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.
”Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a, benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo. Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.
”Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li. Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd. Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak. Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo. Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.
”Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante, vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di:
”Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a. Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye,
”Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.
”Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
”Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye. Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a.
”Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.
”Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la. Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò.
”Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.
”Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.
”Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.
”Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete. Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
”Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la. Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!
”Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.
”Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
”Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
”Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a. vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran. Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la.
”Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.
”Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.
”Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo. p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.
”