18 – Fo Pwofesè

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Fo Pwofesè.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.

Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 328 pasaj

Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an? Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri. Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras. Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.

Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'. Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.

Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.

Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan. Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.

Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.

Pa mache bay manti sou moun menm ras avèk nou. Piga nou kanpe pou fè yo touye san rezon yon moun menm ras avèk nou. Se mwen menm ki Seyè a! Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.

Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!

Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.

Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.

Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo. Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.

Se pou nou manyè konprann koulye a, Seyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.

Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.

Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.

Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.

Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye? Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.

Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!

Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tèt li. Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. Koulye a, ou konnen si Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.

Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li. Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.

Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a. Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.

Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.

Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.

Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.

Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.

Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.

Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.

Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun. Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite. Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè! Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.

Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.

Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.

Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.

Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.

L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann? Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.

Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran. Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.

Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.

Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li. Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou. Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.

Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.

Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.

Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.

Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.

Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti.

Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.

Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.

Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.

Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.

Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.

Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.

Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.

Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen. Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen. Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li. Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.

Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.

Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè! Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!

Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif. Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M'ap tounen yon wòch k'ap fè nou bite, yon wòch k'ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M'ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo.

W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.

Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an! Mò ki wè ou yo ap fikse je yo sou ou. Y'ap gade ou, y'ap di: Se pa moun ki te konn fè tè a tranble a sa? Se pa li ki te konn fè chèf yo tranble a sa?

Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.

Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.

Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.

Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?

Moun ki te pèdi tèt yo va rive gen bon konprann. Moun ki te toujou ap bougonnen yo va kontan aprann nan men mwen.

Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.

Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a. Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye. Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.

Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.

Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha. Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.

Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye.

Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou! Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe.

Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè. Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.

Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste. Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.

Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di. Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!

Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.

Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.

Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm. Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m' pini yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo. Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.

Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen. Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!

Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen. Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.

Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv. Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesaj ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo? Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m' ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m' pou y' al dèyè Baal? Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa. Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.

Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesaj y'ap bay nan non mwen. Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.

Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Seyè a bay pote a, m'ap pini l' ansanm ak tout fanmi li. Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Seyè a reponn, kisa li di ki pral rive. Konsa, piga nou pale sou chay Seyè a bay ankò paske m'ap fè mesaj mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l' lanvè.

Si yo reponn: Men chay Seyè a bay, lè sa a w'a di yo, men sa Seyè a di: Paske nou di: Men chay Seyè a bay, atout mwen te ban nou lòd pa di sa, m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo. M'ap fè nou wont yon wont ki p'ap janm fini, yon wont moun p'ap janm bliye.

Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri.

Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay. Se Seyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo. Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay.

Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè. Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.

Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou. Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.

Nan mitan pèp Izrayèl la, p'ap gen moun k'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, p'ap gen pwofèt pou bay manti.

Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè. Di yo: Manyè koute pawòl Seyè a. Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre.

Moun Izrayèl yo, koute: Pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen, se tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze. Yo pa t' moute lagad kote miray la te make kraze a, ni yo pa t' rebati miray yo. Konsa, moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Seyè a. Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre. Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo.

Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.

Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la. Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho. Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle. Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la. Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la. M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a, bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesaj pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.

Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!

Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo. Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo.

Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye. Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan.

Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo. Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li. Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri. Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo.

Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen. Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.

Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen, si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv.

Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon. Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa. Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa. Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo!

-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen. Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo. Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo. Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.

Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo. Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou. Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.

Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.

Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo. Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan. Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou.

Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal.

Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.

Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!

Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo: Pwofèt! Jou nou yo prèt pou fini. Solèy la ap kouche sou nou. Nou p'ap fè vizyon lannwit ankò. Nan fènwa, nou p'ap wè anyen ankò. Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.

Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!

Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt. Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa!

Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.

Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l' la. Se pou bra l' vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.

Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl. Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'. Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò. Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay.

Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye. Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo. Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande.

Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la? Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la. Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.

Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.

Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.

Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè.

Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.

Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?

Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li. Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.

Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.

Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen. Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.

Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit?

Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo: Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la. Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè. Yo mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p'ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la. Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!

Yo renmen pi bon plas nan reseptyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg. Yo renmen pou moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik, pou moun rele yo: Mèt, Mèt. Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè. Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la. Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an. Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou. Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo. Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal! Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye. Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou. Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri. Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo. Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo. Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye. Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a. Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a? Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt. Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.

Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.

Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.

Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Mwen di nou sa davans.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.

Jezi reponn yo: -Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m', men kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Jezi di yo konsa: -Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.

Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman.

Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.

Epi li di yo yon lòt parabòl: Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a? Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.

Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.

Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè. Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an.

Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li.

Jezi di yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, plizyè moun va vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la, ou ankò jou a rive! Pa koute yo.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.

Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.

Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan. Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.

Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen? Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?

Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.

Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo. Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.

Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.

Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg. Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg? Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li. Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.

Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo?

Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li. Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a? Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.

Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.

Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.

Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen.

Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.

Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.

Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.

Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.

Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.

pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.

Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.

Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.

Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.

Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande.

O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.

Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl. Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.

Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.

Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la. Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.

Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè; yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a.

Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.

M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a. Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a. Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè. Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.

Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.

Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo. Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li. Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.

Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon. Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan. Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.

Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.

Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.

Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.

Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)

Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.

Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj. Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen.

Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a. Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li? Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a. Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò.

Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.

Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la. Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa? Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.

Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt. Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo. Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Seyè a, vwal la soti.

Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans. Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.

Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la. Mwen pare pou m' pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumèt nou nèt.

Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo. Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.

Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la. Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè. Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.

Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.

Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' al swiv yon lòt kalite bon nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.

Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!

Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi. M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun. Paske mwen menm, mwen pa t' resevwa l' nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m' li. Men, se Jezikri menm ki te fè m' konnen li.

atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kò yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libète nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvèl la pou nou menm, moun Galasi.

Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon. Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo. Lòt frè jwif yo te kòmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?

Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la. Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.

Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la. Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.

Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen. Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.

Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.

Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n'ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a. Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre. Chache konnen sa k'ap fè Seyè a plezi.

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.

Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.

Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite.

Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.

Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.

Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo. Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt.

Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.

Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.

Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.

Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.

Se pou ou rete nan lavil Efèz, jan m' te mande ou la lè mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kèk moun nan lavil Efèz la k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a. Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakòz moun fè yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a. W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans. Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan.

Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.

Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.

Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a. Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.

Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv. Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye. Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay. Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou. Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè. Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.

Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li.

Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li. Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè. Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè. Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.

Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an, se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen. Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.

Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans. Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.

Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a. Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.

Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja. Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a. Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.

Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo. Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.

Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li. Men, yo p'ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.

Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon. Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.

Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo. Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.

Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè. Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo. Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon. Se yon moun Krèt, yonn nan pwofèt pa yo menm ki di konsa: Moun Krèt toujou ap bay manti. Se yon bann bèt sovaj, yo parese konsa. Lide yo sou manje ase. Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo, pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki soti nan moun ki vire do bay verite a. Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal. Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.

Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la. Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans.

Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp. Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.

Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas. Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.

Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.

Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen. Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li. Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li.

Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t' okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l' yo te resevwa chatiman yo te merite a. Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.

Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo. Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.

Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.

Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.

Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.

Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la.

Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.

Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen. Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas. Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo. Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.

Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.

Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti.

Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an. Sa ta pi bon pou li si l' pa t' janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l' lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a.

Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.

Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan. Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye. Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.

Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.

M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo. Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.

Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.

Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.

Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.

Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a. Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la.

Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo. Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye.

Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite. Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo. Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!

Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.

Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.

Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.

Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.

Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.

Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.

Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.

Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net