23 – Lanmou
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lanmou.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lanmou.
Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou.
”Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.
”Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
”Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
”Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
”Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
”Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
”Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li. Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe.
”Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
”Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche. Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
”Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
”Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou. Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou. Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.
”Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.
”Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
”Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.
”L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo. Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la.
”Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.
”Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
”nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
”Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
”Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo.
”Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
”renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.
”Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
”Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
”Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li. Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò. Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li. Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.
”Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan. Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
”Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
”Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
”Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
”Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
”Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.
”Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo. Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
”Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche.
”Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
”Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
”Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
”Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
”M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
”Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
”Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,
”Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
”Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
”Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!
”Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
”Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
”Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
”Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
”Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete. Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari. Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou. Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li. Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
”Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
”Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
”Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
”Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
”Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
”Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.
”Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
”Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.
”Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
”Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
”Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.
”Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
”Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa. Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
”Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri. Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
”Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
”Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.
”Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
”Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.
”Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.
”Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
”Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
”Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li. Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.
”Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
”Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.
”Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm. Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.
”Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
”Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann. Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
”Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè. Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.
”Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
”Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.
”Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
”Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa. Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.
”Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
”Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
”Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo. Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl. Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa! Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
”Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo. Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo! Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'. Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou. Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'. Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi. Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
”Se yon woz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak. Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmòrèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo. Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen. Li mennen m' yon ti kote al bwè avè l'. Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen. Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen! Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li! Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle. Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen. Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
”Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen! Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe. Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa. Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen! Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous! Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k'ap fleri. Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo. Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.
”Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle. Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
”Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad. Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo. Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a. Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj. Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè. M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve. Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
”Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen. Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon. Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an. Sò mwen, bèl nègès mwen, ou tankou yon jaden kache, yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, yon fontenn yo sele. Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm, tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant. Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an. Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!
”M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou! Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze. Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m' mete rad sou mwen ankò? M' gen tan lave pye m'. Ou ta vle m' mete yo atè ankò? Mennaj mwen pase men l' nan twou pòt la. Tout san nan kò m' mache.
”Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen! Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?
”Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (10.000) gason. Figi l' gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou. De je l' yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de kivèt lèt. De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant. Men l' yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi. Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo. Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!
”Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.
”Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
”Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou! Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li. Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, de ti gazèl menm fòs, menm pòte. Kou ou tankou yon fò won fèt an ivwa. Je ou yo tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou tankou gwo fò peyi Liban an k'ap veye sou lavil Damas. Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo! Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen! Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis. Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou! Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.
”Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi. Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo. Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale. Ou ka pran sant mandragò yo. Devan papòt nou an gen tout kalite bon fwi, fwi ki fèk keyi ak fwi ki byen mi. Mennaj mwen, se mwen ki te sere yo pou ou.
”Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li.
”Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle. Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy.
”Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti. Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'.
”Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf. Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
”Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.
”Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.
”Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li. Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen.
”Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
”si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
”M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.
”Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
”Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.
”Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.
”Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou. M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Seyè a, mwen ye.
”Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
”Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li.
”Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante
”-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt. Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
”Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj. Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
”Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a. Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an.
”Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou. Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'. Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.
”Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou. Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal. Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou? Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou? Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
”Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè l' yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa. Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.
”Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo non plis.
”Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.
”Pa jije moun pou Bondye pa jije nou, paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou. Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la? Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.
”Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
”Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
”Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la.
”Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a? Si l' rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevendiznèf lòt yo ki pa t' pèdi. Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.
”Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen.
”Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.
”Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
”Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
”Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
”Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
”Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an. Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
”Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
”Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.
”yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li.
”li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
”Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun.
”Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
”Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
”Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou. Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo. Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: -Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Met nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li. Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li.
”Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi.
”Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt.
”Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li. Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l' pou yo tou.
”Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n' tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank.
”Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan. Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
”Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè. Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.
”Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud. Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis? Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn. Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'. Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen. Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.
”Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
”Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou.
”Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè. Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo. Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.
”Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.
”Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.
”Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
”Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
”Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
”Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.
”Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv.
”Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, sak pi grannèg nan mitan nou an, se pou l' tankou pi piti a; sa k'ap kòmande a, se pou l' tankou sa k'ap sèvi a. Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k'ap sèvi l' la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.
”Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m' al nan prizon avè ou, pou m' mouri menm avè ou.
”Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
”Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.
”Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.
”Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò.
”Jezi kriye. Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
”Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a.
”Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
”Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.
”Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la. Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
”Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.
”Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
”Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
”Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.
”Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.
”Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou. Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè. Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.
”Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.
”paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a.
”mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan.
”Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
”Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo. Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo. Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
”Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.
”Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.
”Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen. Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.
”Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.
”Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
”Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li. Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a. Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen. Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
”Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.
”Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
”Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa.
”Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
”Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.
”Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje. Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal.
”Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande. Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sak fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
”Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.
”Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
”Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche. Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li. Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou.
”Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
”Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye. Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure. Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye. Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an. Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
”Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.
”M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
”Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
”Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?
”Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye. Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.
”Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.
”Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.
”Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
”Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
”Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen. Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen. Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen. Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre. Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans. renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt.
”Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.
”Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo.
”Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.
”Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.
”Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje. Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen, pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen. Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.
”Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.
”Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich. Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou. Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.
”Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.
”Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.
”Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.
”Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.
”Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
”Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou. Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
”Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
”Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
”Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
”Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
”Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
”Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
”Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.
”Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li. Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.
”Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive. Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
”Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
”Se poutèt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a, mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè.
”Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.
”Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
”pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen, pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
”Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
”Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo. Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive. Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou. Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
”Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
”Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la.
”Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
”Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l' manje, li pran swen l', tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li.
”Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
”Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a. Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.
”Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
”Mwen pran Bondye sèvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki soti nan Jezikri. Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.
”Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt, enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou. Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.
”Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la. Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs. Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.
”Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a.
”Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou. Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.
”Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.
”M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la.
”Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou. Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo. Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt. Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.
”Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou. Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
”Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo. Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi. Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.
”Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a. Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.
”Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.
”Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.
”Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt. Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frè m' yo, pou nou chache viv pi byen toujou.
”Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la. Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.
”Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou. Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
”Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.
”W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.
”Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.
”Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
”Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
”Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.
”M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè. Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.
”Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.
”Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
”Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
”Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm,
”Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la. Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans. Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp. Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal. Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas. Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.
”Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen. Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun. Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.
”Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.
”Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil. Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè, m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,
”Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou.
”M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.
”Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
”Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat. Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li? Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.
”Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la. Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa. Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.
”Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
”Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.
”Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè. Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye. Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.
”Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.
”Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li. Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan, èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo. Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?
”Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.
”Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.
”Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.
”Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.
”Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann. Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.
”Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
”Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou. Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye. Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
”Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou. Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.
”Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.
”Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini. Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la. Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.
”Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
”Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
”Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj. Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.
”Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a. Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.
”Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li. Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
”Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.
”Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
”Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
”Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.
”Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.
”Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:
”Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou. Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche. Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
”Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.
”Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.
”Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.
”Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
”Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la.
”Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt. Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.
”Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman. Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
”Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou. Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
”Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.
”Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an. Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.
”Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.
”benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo.
”Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an.
”Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w'ap travay koulye a pi plis pase anvan.
”Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.
”Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
”Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.
”Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.
”