12 – Imoralite seksyèl

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Imoralite seksyèl.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 177 pasaj

Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.

Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil. M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen. Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram. Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis. Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo. Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen. Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la. Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la. Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la. Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la. Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.

De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou. Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la. Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje. Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini. Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo? Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l', li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a. Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo. Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la. Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la. Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye.

De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò. Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'. Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe. Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la. Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt. Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.

Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.

Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl.

Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.

Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.

Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt.

Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, yo pran Dena, yo fè l' kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l'. Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.

Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!

Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri. li al jwenn li bò chemen an, li di l': -vin non. Kite m' kouche avè ou. Li pa t' konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w'ap ban mwen pou m' kite ou kouche avè m'. Jida reponn li: -m'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w'a ban m' kenbe jouk ou voye l' ban mwen. Jida reponn li: -Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li. Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò. Jida voye zanmi l', moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l' te ka reprann sa l' te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l' lan pa t' kapab jwenn fanm lan. Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la. Li tounen al jwenn Jida, li di l': -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m' pa janm gen ankenn jennès bò la. Jida di l': -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l' lan. Moun va pase m' nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa! Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri. Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a? Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò.

Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non! Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'. Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye? Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'. Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la: Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.

Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò, li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele. Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'. Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la. Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'. Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'. Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf. Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon.

Piga nou fè adiltè.

Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.

Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.

Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a. Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou. Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo. Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'. Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè. Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou. Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa, kit se bò manman. Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou. Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li. Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou. Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont! Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.

Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a. Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè. Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.

Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal.

Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. Depi yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fè l' ak yon fanm, sa yo fè la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou. Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Si yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l' osinon pitit fi papa l', si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l' fè a. Si yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la. Si yon nonm kouche matant li, matant bò papa l' osinon matant bò manman l', li kouche pwòp fanmi l'. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a. Si yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y'a mouri san fè pitit. Si yon nonm marye ak madanm frè li, sa l' fè a se yon bagay k'ap mete l' nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit.

Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen. Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye. Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.

Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l' nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l', si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men,

Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,

Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.

Piga nou janm fè adiltè.

Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.

Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi, y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou. Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avè l', se nèg la sèlman ki pou mouri. Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l'. Nèg la te kontre avè l' andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou.

Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo, nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.

Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.

Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon.

Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.

-Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

-Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

-Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avèk sè li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

-Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la.

Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li. Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.

Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'. Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan. Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'. Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve. Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la. Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li. Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la. Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?

Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo.

Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.

Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil. Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la. David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li. Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l' konn sa.

Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li! Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen. Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun. Ou menm, ou te fè zafè ou la an kachèt. Mwen menm, m'ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa.

Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l' konsa: -vin kouche avè m' non, sè m'! Tama di l': -Non, frè m'! Pa fòse m'! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'. Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l' la. Li te gen plis fòs pase l', li kouche ak li.

Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. Salomon te marye ak sètsan (700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a.

Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.

Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè.

jan li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou rèy Asa, papa l'.

Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou.

Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou. Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.

Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo. Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.

Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?

Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou. Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen. Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule. Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule. Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.

Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.

Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a. Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou. Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan. Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa. Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.

Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte. Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje. Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou. Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou. Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo. Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a.

Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.

Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis. Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.

W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye.

Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.

Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.

Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!

Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.

Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa. Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo. Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.

Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye. Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa. Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.

Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès. Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo.

Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.

Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?

Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.

Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa.

Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.

Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo. Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini. Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo.

Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo? Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?

Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal. W' al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki gwonèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m' fache. Se konsa, mwen lonje men m' sou ou pou m' pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pa t' ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo. Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou. W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou!

Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale. Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'. Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou. Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo!

Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl. Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo. M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.

Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado. Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò. Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?

Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd. Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo. Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo.

Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Vwala te gen de fi, pitit menm manman. Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa. Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen. Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo. Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo. Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo. Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès. Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa! Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa. Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola. Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a. Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo. Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt. Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn. Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo. Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a. Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip. Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl. Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason.

M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò. Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo. Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou yo ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.

Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo. Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo. Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl. Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo. Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.

Sa ki pi rèd ankò, yo voye mesaje al envite gason soti byen lwen vin jwenn yo. Mesye yo vini. De sè yo benyen byen pwòp, yo pentire je yo. Yo mete bijou yo sou yo pou resevwa. Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li. Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak. Mwen di nan kè m': Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou. Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo. Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.

Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou. Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.

Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.

Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo. Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo. Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès. Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.

Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.

Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a! Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè. Non. Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.

Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!

Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.

Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.

Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!

Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan. Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan. Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.

Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.

Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè. Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.

Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l' kite l', li fè adiltè tou.

Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.

Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.

Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.

Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l' pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.

Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.

Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou.

Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.

Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo, epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa? Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a. Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la. Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò. Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'. Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou? Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.

Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.

Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!

Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè.

Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo. Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn. Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a.

Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.

Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.

Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè. Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye. Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò.

Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.

Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.

Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv.

Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi. Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.

Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt. Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye.

Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib! Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò. Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li. Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye. Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.

Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou.

Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa.

Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou.

Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe. Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.

Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.

Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!

Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò. Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.

Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.

Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).

Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye. Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.

Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.

Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.

Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm. Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo.

Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje.

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.

Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye.

Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.

Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.

Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.

Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon.

Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.

Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.

Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.

Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo.

Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.

Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.

Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.

Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.

Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.

Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net