24 – Fanmi

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Fanmi.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.

Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 302 pasaj

Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a.

Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'. Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt. Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.

Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li. Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.

Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl. Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.

Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'. Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.

Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'. Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.

Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.

Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason. Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li. Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'? Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj. Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.

Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.

Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).

Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi.

Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.

Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.

Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la. M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon. Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou. M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.

Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara. M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?

Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.

Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre. Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la. Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.

Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.

Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.

Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la. Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen. Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.

Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou! Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.

Lè sa a, Seyè a di l': -Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou.

Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou.

Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li. Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an. Jozèf di frè l' yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m' vivan toujou? Men frè l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l' devan yo.

Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li.

Jozèf fè papa l' ak frè l' yo rete nan peyi Lejip. Li ba yo tè bò lavil Ranmsès, jan farawon an te mande l' la. Li ba yo yon bon tè nan peyi a. Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen.

Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'.

Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.

L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.

Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.

Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.

Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.

Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen.

Granprèt la va marye ak yon jenn fi ki tifi. Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.

Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè, osinon lè yon nonm sispèk madanm l' ap twonpe l'. L'a mennen madanm lan devan lotèl Seyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan. Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.

-Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo. Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo. Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo. Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.

Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo. Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an. Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.

Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo. Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.

Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.

Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.

L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.

N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay.

Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.

N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.

Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.

Eske gen yon moun isit la ki fiyanse pou l' marye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fiyanse l' la.

Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye. Lè lè a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan. Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.

Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy soti nan lòt la, manman l' ak papa l' va kenbe l', y'a trennen l' devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a. Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis. Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.

Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò. Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi. Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li. Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò, li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la. Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat. Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri. Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi, y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon.

Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'. Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason, sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l', epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l' tounen lakay papa l' ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri, lè sa a, premye mari a p'ap ka marye avè l' ankò. Se pou li konsidere fanm lan tankou yon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Paske si li marye avè l' apre sa, l'ap fè yon bagay Seyè a pa vle wè. Piga nou rale madichon sou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou an.

Si yon nonm fèk marye, li pa fèt pou l' al nan lagè, ni yo pa bezwen mande l' fè ankenn travay nan sèvis piblik pandan ennan. Konsa, pandan tan sa a, l'a lib pou l' rete lakay li pou l' fè kè madanm li kontan.

-Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

-Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.

N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'. Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.

Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen. Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.

Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn.

Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo, nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo.

Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.

An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.

Elkana, mari li, di l' konsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.

Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.

Mwen te mande l' pou l' te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m' te mande l' la. Se konsa m' vin mete l' apa pou l' ka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan.

Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,

Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a.

Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.

Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. Salomon te marye ak sètsan (700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.

Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan.

Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la. Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm. Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!

Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.

Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.

Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete. Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.

Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.

Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.

Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'. Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!

Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.

Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan, bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou. Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy. Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a, pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'. Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo. Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.

Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li! Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. -(we vèsè pwochen)

Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!

Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa. Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn. Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.

Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!

Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.

Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.

Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.

Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.

Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.

Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.

Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'.

Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.

Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.

Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.

Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.

Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.

Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit.

Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.

Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.

Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete. Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.

Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.

Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.

Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.

Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.

Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont.

Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.

Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.

Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'. Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri. Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.

Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun. Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan. Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan. Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.

Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.

Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'.

Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize.

Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.

Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.

Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo. Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen. Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.

Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.

Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa. Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.

Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.

Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. Li file koton, li koud rad li. Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.

Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.

Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.

Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi.

Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.

Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).

Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!

Seyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l'. Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l' akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.

Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!

Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.

Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!

Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'. Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.

Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.

Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.

Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou

Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

-Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.

Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.

Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.

Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.

Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri.

Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo? Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'.

Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.

Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.

Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.

Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.

Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou. M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Seyè a, mwen ye.

N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l' bay moun k'ap vin apre yo.

Nou menm pèp la, nou mèt plenn, tankou yon jenn fi, rad sak li sou li, k'ap plenn lanmò fiyanse l'.

Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.

Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?

Lè sa a, pitit gason p'ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k'ap viv nan kò kay ou.

-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt. Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.

Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan. Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan. Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.

Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.

Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram. Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo. Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; Eswòm te papa Aram. Aram te papa Amenadab; Amenadab te papa Naason; Naason te papa Salmon. Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd. Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon. Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa. Asa te papa Jozafa; Jozafa te papa Joram; Joram te papa Ozyas; Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas; Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas; Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn. Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl; Zowobabèl te papa Abiyoud; Abiyoud te papa Elyakim; Elyakim te papa Azò; Azò te papa Sadòk; Sadòk te papa Akim; Akim te papa Eliyoud; Eliyoud te papa Eleaza; Eleaza te papa Matan; Matan te papa Jakòb; Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.

Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.

Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri. Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont. Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l' fè: li pran madanm li lakay li. Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.

Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a. Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an.

Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs. Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l' kite l', li fè adiltè tou.

Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l' yon pen? Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l' yon pwason? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.

Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.

Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.

Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'. Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'? Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo. Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.

Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li.

Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.

Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo. Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa. Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.

Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.

Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen.

Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.

Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz? Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li? Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa. Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan. Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.

Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.

Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?

Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini. Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la.

Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun. Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la. Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.

Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kot Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve). Yo poze Jezi keksyon sa a: Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l' gen pou marye ak madanm defen an pou l' ka fè pitit pou frè l' ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l' pa t' gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.

Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.

Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.

Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.

de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.

Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.

Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li. Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l' konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou. Li reponn yo: -Kilès ki manman m', kilès ki frè mwen? Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo. Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman mwen.

Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: -Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l', lakay li ak nan fanmi li.

Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' ak manman l' mal, se pou yo touye li. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye), nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon manman li. Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.

Epi li pran yon timoun piti, li mete l' nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l', li di yo konsa: -Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.

Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè.

Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: -Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l': -Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l' kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: -Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l' keksyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l' pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.

Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo.

Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.

Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la, moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

-Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l' mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l' ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit. Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l' pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri. Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo? Jezi reponn yo: -Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?

Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.

Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan. Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.

Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt. Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.

Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan.

Jozèf te rete nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarèt. Men, paske li te moun nan fanmi ak ras David, li moute, li ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyèm lan. Jozèf tapral fè yo pran non l' ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent. Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la.

Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li. Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye, dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la.

Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase. Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo. Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.

Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli. Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf. Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi. Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda. Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri. Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er. Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi. Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim. Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David. David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason. Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida. Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala. Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk. Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan. Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo. Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou. Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.

Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason? Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.

Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.

Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.

Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'. Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo. Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.

Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou.

Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.

Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l' nan peyi kote Bondye Wa a.

Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve ankò. Gen kèk ladan yo ki vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa: Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l' gen yon frè, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou l' sa fè pitit pou frè l' ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit. Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l' tou. Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l' tou. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm? Jezi reponn yo: Isit sou latè, fanm ak gason nan marye. Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò.

Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.

De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la,

Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a. Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.

Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la. Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari. Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.

Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?

Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa? Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li.

Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.

Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou. Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.

Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.

Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.

Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye.

Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.

Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li. Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.

M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.

Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.

Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt. Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa, yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l' la, pou l' ka jwi bèl libète pitit Bondye yo. Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.

Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa. Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.

Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye. Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan. Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon. Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.

Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo. Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou. Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li. Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò.

Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò. Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l' kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo. Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?

Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an. Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a. Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm. Si l' ta vle marye tou, li mèt; li p'ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo. Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.

Mwen pa ta renmen wè nou gen ankenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Seyè a sèlman. L'ap chache fè Seyè a plezi. Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi. Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sè zafè Seyè a sèlman y'ap okipe, paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi. Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare.

Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa. Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l' pa marye, si l' kapab kontwole volonte l', si li deside nan tèt li se sa pou l' fè, enben, li fè byen si l' pa marye ak jenn fi a. Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l' la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou. Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la. Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la. Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la. Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale. Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou. Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske, se pa t' avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye. Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye? Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont. Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li. Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.

Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre. Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans.

Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.

fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a. Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li? Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a. Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò.

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay. Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l' la, moun k'ap regle zafè l' pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.

Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.

Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.

Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a. Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li. Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la. Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank. Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l' manje, li pran swen l', tankou Kris la ap fè sa pou legliz la paske nou se manm kò li. Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl. Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.

Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo. Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi. Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.

Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo.

Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.

Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye. Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.

Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan. Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè. Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a?

Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.

Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou; ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide. Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.

Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sèl fwa. Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pèp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fè tout lòt kalite byen. Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la. Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l' la. Apre sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo. Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal. Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan. Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon vèv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.

Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo. Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan.

Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.

Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.

Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.

Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje. Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat. Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li? Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.

Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou, paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen. Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou. Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.

Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.

Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.

Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.

Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li. Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele. Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt. Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la. Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou.

Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare. Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.

Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.

Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.

Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net