25 – Lajan
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lajan.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Lajan.
Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
”Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an. Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li. Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou. Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
”Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare.
”Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò.
”Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje.
”Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran.
”Seyè a voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l' vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik.
”Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
”Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.
”Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
”Li ranmase ble, li ranmase ble tankou ou ta di sab bò lanmè. Sitèlman te gen anpil ble, yo pa t' ka konnen kantite ki te genyen.
”Lè grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la. Moun soti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.
”Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen.
”Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a. Jozèf te fin ranmase dènye lajan moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran te genyen nan vann yo ble. Li pote tout lajan an lakay farawon an. Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l': -Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò. Jozèf di yo: -Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje. Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen. Apre lanne a fin pase, yo tounen bò kote Jozèf ankò. Yo di li: -Nou p'ap kapab kache ou sa, mèt. Lajan nou fini nèt. Nou deja ba ou tout bèt nou te genyen. Koulye a, mèt, se tè nou yo ak pwòp tèt nou ase ki rete pou n' ba ou. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou! Pa kite nou pèdi tè nou yo. Fè pri pou nou menm ansanm ak tout tè nou yo. N'ap tounen esklav farawon an. Tè nou yo va pou li tou. Men, ban nou plan pou nou simen nan jaden nou yo pou nou pa mouri, pou tè a pa fin tounen savann. Se konsa Jozèf achte tout tè Lejip la pou farawon an. tout moun peyi Lejip yo te vann li tè yo paske grangou a t'ap fini ak yo. tout peyi a vini pou farawon an. Jozèf fè tout moun toupatou nan peyi a tounen esklav farawon an.
”Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.
”Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre. Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la.
”Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen. Men gen moun ki pa t' koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo.
”Piga nou pran sa ki pa pou nou.
”Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
”Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'.
”Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'.
”Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè. Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.
”Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.
”-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.
”Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv,
”Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
”Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a. Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann. Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.
”-Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l', ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.
”Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè. Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.
”Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.
”Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit. N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
”Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
”Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan. Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo. Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
”N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne. Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a. N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo. Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Seyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pa t' plante yo bay.
”Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
”Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou. Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.
”N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.
”Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la. Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
”Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l': -Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a. Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt. Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li. N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.
”Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou. Moyiz al pale koze a avèk Seyè a. Seyè a di l' konsa; -Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo. Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo. Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo. Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
”Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
”Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.
”Piga nou janm pran sa ki pa pou nou.
”Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.
”yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo.
”Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou. Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan. Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a.
”paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li. L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
”Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.
”Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
”Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.
”Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa. Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.
”Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo. Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò. N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.
”Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
”Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.
”Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
”Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.
”Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo.
”Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.
”Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.
”Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.
”Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay. Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.
”Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
”Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo.
”Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'. Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
”Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo. Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.
”Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
”Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.
”Men, Moyiz pa t' bay moun branch fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
”Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò. Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
”Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv. Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite. Pòv la menm pa t' gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l' li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li. Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pa t' santi kouraj li pou l' te pran yonn nan mouton l' yo osinon nan bèf li yo pou l' fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fe manje ak li bay vizitè ki te lakay li a. David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'. Pou l' peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l' te pran an, paske li san pitye.
”Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.
”Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a. Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò.
”Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò.
”Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a, dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo, gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.
”Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
”Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen. Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak. Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
”Madanm lan fè sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankò, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou. Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou. Eli di li: -Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò. Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.
”Elize mande l': --Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: --Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil. Lè sa a Elize di li: --Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn. Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote. Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. --Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule. Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: --Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.
”Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a. Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a.
”Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an. Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
”Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.
”Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.
”Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan (3.300) tòn lò, tranntwamil (33.000) tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.
”Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite. Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:
”Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.
”Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
”Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.
”Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye.
”Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou.
”Pandan tout rèy li, ajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
”Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la. Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.
”Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo. Genyen ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n' manje pou n' pa mouri grangou. Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou setoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n' ka jwenn manje pou n' manje. Gen lòt ankò ki t'ap di: Pou n' te ka peye taks kontribisyon pou wa a, nou te setoblije prete lajan sou jaden ak pye rezen nou yo. Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò. Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil. Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan. Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa. Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz. Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m' yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou. Renmèt yo jaden yo, pye rezen yo, pye oliv yo ak kay yo touswit. Kite tou sa yo dwe nou pou yo, kit se lajan, kit se ble, kit se diven, kit se lwil. Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la. Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l' tèt anba, mwen souke l', epi mwen di: -Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l' souke l' konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l' san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: -Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Seyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.
”Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a. Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo. Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye. Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden. Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan. Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!
”Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.
”Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.
”Li te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a. Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resepsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou.
”Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
”Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
”Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
”Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
”Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.
”Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.
”Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo. Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li. Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache. Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale. Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo. Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt. Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli. Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo. Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou.
”Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'. Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'. Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.
”Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
”Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.
”Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo.
”Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
”Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
”Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
”Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
”Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou. Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!
”Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
”Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
”M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
”Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
”Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
”Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
”Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.
”Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
”Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
”Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.
”L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.
”Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
”Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
”L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
”Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
”Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
”Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
”Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
”Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!
”Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?
”Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
”Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
”Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
”Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
”Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
”Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa. Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
”Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete, si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou, ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout. Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen. Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè.
”Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li.
”Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen. Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan. Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis. Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.
”Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou. Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a. Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi.
”Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.
”Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen. Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann. benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.
”Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.
”Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt. Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li.
”Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache. Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'. Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
”Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.
”Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin. Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'.
”Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
”Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
”Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou. Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
”Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
”Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.
”Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje. Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
”Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
”Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
”Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
”Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman. Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit. Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.
”Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.
”Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.
”Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
”Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.
”Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
”Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
”Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.
”Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen. Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.
”Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
”Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan. Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe. Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen. Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
”Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou. Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.
”Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.
”Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
”Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.
”Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
”Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
”Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
”Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
”Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.
”Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
”Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
”Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè. Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.
”Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.
”Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'. Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.
”Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'.
”Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich. Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz. Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan. Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'. Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize.
”Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
”Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.
”Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.
”Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
”Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
”Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.
”Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen. Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
”Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.
”Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.
”Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l' di Bondye mèsi, se pou l' jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li.
”Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.
”Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.
”Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
”Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen. Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
”Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!
”Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.
”Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.
”Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
”si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
”Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou. Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.
”M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
”Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.
”Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.
”Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a.
”Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz!
”Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.
”Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite. Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l' lan.
”Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
”l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan, l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè.
”Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
”Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn.
”Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou. Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou. Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye. Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan.
”Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè. Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a. Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?
”Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo. Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo. Yo t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.
”Plis nou gen prèt, se plis n'ap fè sa ki mal devan je m'. Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y'ap fè nou wont.
”Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa. Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!
”M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou. Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
”Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo. Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.
”Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan.
”Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.
”Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li! Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.
”Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an.
”Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
”Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
”Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a. Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan.
”Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'. Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.
”Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
”Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
”Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.
”Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'. Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.
”Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè l' yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa. Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.
”Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
”Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
”Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.
”Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'? Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye! Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n' pral manje? Kisa n' pral bwè? Kisa n' pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.
”Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape.
”Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
”Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.
”Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
”Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
”Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.
”Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?
”Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan? Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje? Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan. Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.
”Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo. Li te fèk kòmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l' senkantmil (50.000) goud. Men, nonm lan pa t' gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l' te genyen, pou peye dèt la. Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an. Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale. Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san (100) goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan. Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou. Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a. Lè lòt domestik yo wè sak te rive, sa te fè yo mal anpil. Y al rakonte mèt la sak te pase. Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l' konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m' fè sa pou ou. Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a. Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a. Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
”Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
”Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
”Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou? Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
”Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan. Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan. Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la. Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè? Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
”Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè.
”Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit? Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan. Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.
”Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
”Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou. Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante. Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante. Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
”Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
”Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.
”yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan.
”Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.
”Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa: Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou. Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan. Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san. Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li. Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
”Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
”Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.
”Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: -Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la. Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmil (5.000) moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.
”li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
”Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?
”Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen.
”Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
”Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la, moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò.
”Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: -Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.
”Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t' menm fè mwatye senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te genyen, tout sa l' te gen pou l' viv.
”Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pa t' kontan menm, yonn t'ap di lòt: -Pouki tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou.
”Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo, yo pwomèt pou yo ba l' lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.
”Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt.
”Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.
”Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye. benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan.
”Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a. Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite koulye a, paske nou pral grangou pou n' mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri koulye a, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye.
”Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li.
”Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n' tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou.
”Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
”Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
”Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò.
”Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
”Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an.
”Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.
”Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye. Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou.
”Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen. Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.
”Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l' anpil. Li t'ap di nan kè li: Kisa pou m' fè? Mwen pa gen plas pou m' sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.
”Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou. Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre? Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay? Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.
”Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.
”Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
”Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.
”Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen.
”Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li? Lè l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m'; mwen jwenn pyès lajan m' ki te pèdi a. Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.
”Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'. Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo. Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.
”Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an.
”Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a?
”Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.
”Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.
”Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.
”Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.
”Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen.
”Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
”Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.
”Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò. Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa. Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen, poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè. Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.
”Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè.
”Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo: Moutre m' yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye.
”Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv. Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv.
”Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
”Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
”Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.
”Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite. Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
”Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa: Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a. Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan.
”Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li. Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
”Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.
”Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
”Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.
”Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.
”Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.
”Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan. Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?
”Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.
”Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun. Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
”Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou?
”Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.
”Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte. Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande. Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
”Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.
”Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.
”Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè. Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
”Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
”Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
”Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.
”Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.
”Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen.
”Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.
”Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men.
”Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo. Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l' mèsi. Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.
”Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fè sa.
”Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
”Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an. Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive. Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
”Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.
”Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.
”Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.
”Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,
”Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo. Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou. Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen. Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi. Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.
”Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
”Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
”Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.
”Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.
”Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
”Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an. Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li. Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou. Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
”Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.
”Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.
”Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.
”Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon. Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l', ni manman l', ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l' te fèt, ni ki bò l' mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan. Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la. Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. Mèlkisedèk menm pa t' moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l' tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a. Paske, nan yon sans, Levi ki pa t' ankò fèt te nan ren granpapa l', Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l' la.
”Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.
”Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
”Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
”Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li. Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.
”Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.
”Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li. Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan, èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo. Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal? Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal.
”Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.
”Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.
”Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
”Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.
”Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.
”Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a. Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa.
”Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
”Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.
”Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.
”Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li. Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
”Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
”Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.
”Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.
”Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.
”Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan.
”Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!
”Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.
”Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.
”Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.
”