27 – Soufrans

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Soufrans.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.

Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou. Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.

Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou. Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 544 pasaj

Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.

Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje. Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri. Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.

Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.

Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.

Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou.

Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.

Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.

M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.

Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an, men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo. M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.

Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.

Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.

Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. Se pou nou manyè konprann koulye a, Seyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.

L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.

Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi. Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a. Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.

Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.

Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.

Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.

Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.

Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.

Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou!

Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò. Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò. Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.

Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.

Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: --Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a. Li di: --Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'. Lè Ezayi kite wa a, li pa t' ankò soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Seyè a pale avè l', li di l' konsa: --Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a. M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m' lan, ak poutèt mwen.

Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt. Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li. -

lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò. Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.

Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.

Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l' konsa: -Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre, lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa. Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Msye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, lè yon sèl gwo van tanpèt leve soti nan dezè a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.

Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!

Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou. Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen. Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li. Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'.

Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.

Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj. Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn. Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.

Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt! Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.

Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay. Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?

Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.

Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.

L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.

M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!

W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò. Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou. Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze. Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.

Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.

Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.

M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!

Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.

Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.

Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'. Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.

Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd. M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou. Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize. Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.

Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen. Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.

Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò. Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.

Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.

Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.

Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo. Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.

Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi. Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò? Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.

Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,

Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.

Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo? Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.

Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'. Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.

Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou. Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou.

Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache. Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.

Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.

Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè. Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase. Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen. Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.

Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a. Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.

Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.

Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.

Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.

Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri. Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi. Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.

Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou! Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'. Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.

Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn. Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen. Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.

Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo.

Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn. Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.

Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo. L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.

Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo, menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'.

Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!

Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan. Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo. Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.

Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.

Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen. Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou. Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je. Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m' Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri. Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri. Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!

Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo. Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye. Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.

Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò. Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.

Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.

Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.

Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen. Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.

Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan. Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.

Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè. Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!

se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.

Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di: Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.

L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil.

Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.

Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'? Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal! Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.

Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen? O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi. Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.

Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.

Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.

Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.

Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo. Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.

Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'. Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen. Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.

Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè. M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou. Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan. Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.

Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.

Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan, jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou! Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a. W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò. Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.

Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.

Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.

Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.

Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè. Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?

Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.

Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou. Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi. Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'. M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.

Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.

Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi! Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.

Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!

Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen.

Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele. Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.

Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.

Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.

Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!

Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.

Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.

Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.

Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.

Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou. Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'. Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.

Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan. Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di. N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non, anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.

Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a. M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen. Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen. Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'. Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a. Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'. Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.

Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli. Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.

Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.

Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje. Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li. Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.

Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran. Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal. Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.

Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.

Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.

Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.

Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre. Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.

Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.

Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fèt sou latè. Li fikse lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte, lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati. Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt,

Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la. Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa. Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou. Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.

Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.

Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte. Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.

Koulye a, tout moun sou latè ap pran souf. Y'ap viv ak kè poze. Toupatou se chante, se kè kontan.

Seyè a gen pou l' pini moun Lejip yo. Men, l'a geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Seyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l', l'a geri yo.

Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.

Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la. Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an. Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.

Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.

Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!

Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li. Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou. Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò. Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!

Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble! Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou. Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche. Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.

Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a. P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò! Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa! Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.

Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.

Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l' kouraj ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.

Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.

M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.

Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye.

Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo. L'a mennen yo kote ki gen sous dlo.

Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.

Mwen ekri non nou nan pla men m'. Mwen toujou wè miray nou yo devan je m'.

Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.

Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan. Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a? Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'. Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li. Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen. Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'. Atout li pa t' janm fè ankenn krim, yo antere l' menm kote ak mechan yo. Atout li pa t' janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l' nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'. Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras. Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.

Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.

Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!

N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!

Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.

Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.

Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo. M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.

Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.

Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou. Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.

Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon, pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.

nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.

Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò. Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan. Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!

Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen.

Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.

Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou.

Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo. Lè sa a, pèp la va di: M' al dòmi. Lè m' leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen.

Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.

Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache

Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'. Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.

Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.

Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè! Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.

Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.

M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo. Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.

Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.

Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.

Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'!

Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo. Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'.

Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.

M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou. Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.

Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.

Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante

Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.

Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a. Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pesonn ba li kouraj, paske pitit li yo mouri.

Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.

Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'? Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye! Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n' pral manje? Kisa n' pral bwè? Kisa n' pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape.

Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen. Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa: Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou. Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la. Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri.

Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv. Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.

Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou. Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.

Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri. Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a. Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou? Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.

Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? Kisa ki pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Nonm lan leve kanpe vre, li ale lakay li.

Jezi tande sa, li di yo: Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.

Lè sa a, yon fanm ki te malad pwoche pa dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi a, paske li t'ap di nan kè l': Si m' ka manyen rad li sèlman, m'a geri. Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.

Lè Jezi rive kay chèf la, li wè mizisyen yo ki t'ap pare pou lantèman an, ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè anpil bri. Jezi di yo: Tout moun, soti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l' nan betiz. Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.

Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou! Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la. Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.

Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li. Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.

Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.

Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.

Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen. Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.

Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.

Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.

Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo? Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò? Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo. Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.

Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.

Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.

Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.

Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.

Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil. Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou. Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen. Men, fanm lan vini, li lage kò l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non. Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen. Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li. Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri.

Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.

Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di: Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.

Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.

Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.

Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.

Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou. Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou? Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò. Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo.

Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.

Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.

Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò. Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.

Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.

Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.

Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou. li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.

Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.

Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.

Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)

Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale.

Bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Rive Jezi rive lakay la, yo di l' sa. Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.

Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.

Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo. Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi. Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a. Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen. Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo: -Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman. Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache? Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a: -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou. Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa.

Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.

Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li. Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li. Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.

Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.

Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo. Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen? Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi. Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?

Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan). Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.

Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya.

Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.

Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.

Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.

Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a. Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l' ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l', li lage kò l' nan pye Jezi. (Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan. Men Jezi di l' konsa: -Kite vant ti moun yo plen anvan; paske sa pa bon pou wete pen nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: -Se vre wi, Mèt. Men, ti chen ki anba tab manje ti kal pen timoun jete atè. Lè sa a Jezi di li: -Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a soti sou pitit fi ou la. Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gen tan soti sou li.

Yo mennen yon nonm ba li: nonm lan te soudè epi li pa t' pale byen. Yo mande Jezi pou li mete men l' sou tèt nonm lan. Men Jezi pran men nonm lan, li fè l' soti nan mitan foul moun yo, li mennen l' sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l' nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: -Efata! (ki vle di: Louvri!) Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang nonm lan demare nan bouch li epi li pran pale trè byen. Jezi te mande yo tout pou yo pa t' di pesonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: -Nonm sa a fè tout afè l' byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li. Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy? Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa. Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.

Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab. Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen. Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi. Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.

Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi. Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò. Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.

Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.

Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.

Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.

Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa.

Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak. Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.

Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)

Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.

Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,

Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.

Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li. Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.

Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.

Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen. Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.

Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo. Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi. Men, akòz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fè l' antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon twou nan kouvèti kay la ki te fèt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: Monchè, tout peche ou yo padonnen. Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman. Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Menm lè a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fè lwanj Bondye.

Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.

Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li. Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe. Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri? Apre sa, li pwonmennen je l' sou yo tout, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri.

Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou. Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.

benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan. benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.

Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a. Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.

Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.

Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.

Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.

Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kòmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li.

Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizaviz ak Galile. Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri. Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè. Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an.

Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dòktè, san yo yonn pa t' kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete.

Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm soti lakay chèf sinagòg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje.

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.

Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.

Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.

Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li.

Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li.

Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.

Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo. Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo.

Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou. Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre? Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay? Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.

Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye.

Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo?

Li reponn yo: Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen.

Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale.

Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.

Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l', yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.

Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.

Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen. Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen. Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò. Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.

Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.

Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi.

Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.

Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l' pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs. Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m' al nan prizon avè ou, pou m' mouri menm avè ou.

Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.

Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.

Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri. Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale. Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri. Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe. Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen. Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan. Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri? Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen. Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale. Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.

Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.

Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.

Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo. Men, mwen te di nou sa: nou wè m', men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa? Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay. Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo.

Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè.

Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite. Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.

Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.

Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann. Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non. Jezi kriye. Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!

Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a. Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò! Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.

Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.

Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)

M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.

Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.

Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li. Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.

Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale. Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota). Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.

Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.

Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.

Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre.

Se poutèt sa kè m' kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m'ap poze l' avèk espwa nan Bondye. Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Ou fè m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen.

Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache. Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm. Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye. Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.

Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.

Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo: Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.

Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.

Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.

Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.

Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe. Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.

Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.

Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen.

Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp. Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?

Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò.

Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.

Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a. Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.

Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.

Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm. Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.

Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li. Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.

Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.

Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?

Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò. Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a. Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a. Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.

Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.

Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv. Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt. Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa, yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l' la, pou l' ka jwi bèl libète pitit Bondye yo. Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche. Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo. Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja? Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans.

Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele. Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè. Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou.

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou? Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras! Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.

Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.

Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti. Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan. Mwen ta pito wè m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pèdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sèvi pou byen frè m' yo, moun menm ras avè mwen yo.

jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.

dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.

Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.

Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.

Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.

Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a,

Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye.

Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.

Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan. Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve. Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,

Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou. Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.

Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou. Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la.

Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou. Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a.

Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a. Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò.

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje. Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen,

Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.

Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò. Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt.

Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lè l' te voye Tit vin jwenn mwen.

Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou. Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.

Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.

Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.

Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. An senk fwa, jwif yo ban m' trant nèf kout fwèt. An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen. Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo. Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad. Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.

Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fèb.

Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy. An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen. Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li. Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs.

Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.

Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.

Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la. Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.

Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen. Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito. Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.

Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.

Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò.

Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.

Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,

Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil. Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo.

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans. Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a. Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.

Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.

Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.

Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.

pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou. Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou. Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen te voye l' pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pa t' pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pa t' pèdi.

Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.

Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.

Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.

M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.

Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.

Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.

Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li. Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè. Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif. Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm, nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout. Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.

Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.

Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/. Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.

pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa. Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an. Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.

pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,

m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.

Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.

Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a. Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye. Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn. Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo. Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye. Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li. Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò. Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.

Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomèt la. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò. Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan.

Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè.

Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.

Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon. Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè. Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a. Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.

Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri. Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje. Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat. Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li? Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv. Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l' ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.

Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l' ka geri.

Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l' te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li. Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou. Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.

Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.

Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle. Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye. Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li. Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri. Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou.

Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.

Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.

Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò.

Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. Mwen swete pou pesonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.

Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou. Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou. Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo.

Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,

Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.

Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou: Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.

Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians. Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.

Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an.

Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net