30 – Ravisman An
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Ravisman An.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Ravisman An.
Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
”Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a.
”Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou: Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja. Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.
”Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
”Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'. Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,
”Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li. Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
”Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè. Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf. Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo. L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an. L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè. L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo. L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo. P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf. Tout zidòl pral disparèt nèt ale. Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble. Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit. Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
”Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la. Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
”Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
”Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a. Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase! Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal! Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò. Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo. Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi. Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.
”Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
”Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li. Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san. Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy. Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri. Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon. Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès. Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo. Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon. L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
”Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
”Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
”Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!
”Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
”Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa.
”Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.
”Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo. Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen. M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.
”Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
”Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.
”Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m' pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil. Tèt li te fèt an lò, lestonmak li ak de bra l' yo te fèt an ajan, vant li ak de kwis li yo te fèt an kwiv, de janm li yo te fèt an fè, pye l' yo menm te mwatye an fè, mwatye an tè krich. Antan ou t'ap gade l' konsa, yon wòch pran woule desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', li vin frape estati a nan pye l' yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso. Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.
”Sa se rèv ou te fè a. Koulye a, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di. Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a. Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.
”Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè. Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la. Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb. Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pa t' pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache.
”Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan. Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.
”-Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a. Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt. Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun. Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab. Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay. Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn. Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.
”Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.
”Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt. Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò.
”Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.
”Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè. Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.
”Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'. Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo. Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li. Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.
”Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo. Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo. L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò. Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
”Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo. Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'. Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a. Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè. Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo? Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant (1150) jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò.
”Mwen t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m'. Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non! Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè. Pandan li t'ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m' men, li fè m' kanpe sou pye m' ankò. Epi li di: -M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive.
”Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun. L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a. L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen. Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.
”Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò. Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray. Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la. Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.
”Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
”Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive. Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
”Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a. Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a. L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'. Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo. Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.
”Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.
”Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt. Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout. Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li. Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.
”Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'. Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape. L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li. Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri soti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun. L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.
”Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
”Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive? Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.
”Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm? Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.
”Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (1290) jou ki gen pou pase. Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (1.335) jou sa yo va fin pase! Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!
”Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.
”Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo. Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
”Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon. Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
”M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble. Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.
”Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n'ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n'ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde. Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la. Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
”Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò. Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo. Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo. -(we vèsè pwochen) Men, m'a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Seyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.
”Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li. Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Seyè a! Ann ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Seyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!
”Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe. Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la. Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y' al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo. Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra. Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
”Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.
”Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'.
”Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo. Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
”Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la. Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.
”Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'. Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas. Se va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. p'ap gen lannwit ankò. Se Seyè a sèl ki konnen lè sa va rive. Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.
”Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
”Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap soti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a. Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm. Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo. Jou sa a, Seyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt. Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo.
”Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.
”Lè jou sa a va rive, y'a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Seyè a! Batri koujen ki nan tanp Seyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Seyè a. Y'a mete tout mamit ak tout chodyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Seyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Seyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p'ap gen moun k'ap vann ankò nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a.
”Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la.
”Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
”Jezi reponn yo: Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l'ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj. Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?
”Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.
”Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
”Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun. Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
”Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
”Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la. Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba. Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò. Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
”Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li. Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Mwen di nou sa davans. Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo. Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini. Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.
”Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
”Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase. Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.
”Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
”Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
”Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv. Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo. Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li. Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo. Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri. Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo. Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo. Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou. Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou. Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
”Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.
”Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
”Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
”Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
”Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa.
”-Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive? Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun. Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
”Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
”Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn. Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo. Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi. Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò. Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.
”Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li. Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.
”Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè. Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble. Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay. m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.
”Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive. Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten. Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi. Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.
”Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
”Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.
”Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen, tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li. L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo. Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l' jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou. Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. Nou menm tou, se pou n' toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè!
”Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
”Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre. Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre. Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a?
”Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa. Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo. Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive.
”Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li. Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri. Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
”Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankò. Chonje istwa madanm Lòt la. Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.
”M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. Disip yo pran lapawòl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.
”Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
”Li di yo ankò: Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp; yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la.
”Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi. Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.
”Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt. Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn; moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive. Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a. Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.
”Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.
”Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo. Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè. Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi. Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
”Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.
”Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
”Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.
”Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
”Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.
”Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
”Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive. Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve.
”Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri. M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
”Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.
”Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.
”Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.
”Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.
”Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a.
”Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo. Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.
”Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.
”Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.
”Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou: Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja. Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.
”Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou? Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li. Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt. Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li. Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.
”Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt. Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf. Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
”Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
”Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri: Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre. Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.
”Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.
”Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
”Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad. W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
”Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou. Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou. Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li. Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
”Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
”Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.
”Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.
”Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an. Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini.
”Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye. Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a. Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay. Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.
”Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou. Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
”Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann. Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.
”Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon.
”Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
”Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.
”Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo. L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.
”Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l' te fè sèvitè l' yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kot Jan, sèvitè l' la, pou fè l' konnen tout bagay sa yo.
”Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
”Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.
”Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.
”Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan sièl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m' anvan an, di m' konsa: Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa.
”Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papie, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote. Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs ki t'ap pale byen fò. Li t'ap di: Ki moun ki ka kase sele yo pou louvri liv la? Men, pa t' gen pesonn ni nan sièl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab louvri liv la pou wè sa ki te ladan li. Mwen t'ap kriye anpil, paske pa t' gen pesonn ki te kapab louvri liv la pou gade sa ki te ladan li. Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la. Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a.
”Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.
”Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l' la te kenbe yon banza nan men l'. Yo ba l' yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki soti pou l' genyen ankò.
”Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.
”Apre sa, ti Mouton an kase twazièm sele a. Mwen tande twazièm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l' la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.
”Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.
”Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a. Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.
”Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la. Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?
”Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn piebwa. Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo: Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.
”Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la, douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn. Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti? Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
”Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la. Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon. Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la. Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a. Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè. Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.
”Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
”Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san. Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.
”Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo. Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.
”Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa. Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
”Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an. Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa. Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon. Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo. Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo. Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo. Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun. Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon. Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay. Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa. Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a. Premie malè a te pase. Te gen de (2) lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa.
”Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000). Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo. Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè. Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste. Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.
”Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife. Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm. Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li. Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li. Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl. Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò. Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa.
”Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan. Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl. Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen. Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.
”Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa. M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou. De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li.
”Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo. Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip. Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi (1/2) jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.
”Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la. Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa.
”Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
”Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li. Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele. Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt. Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la. Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou.
”Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò. Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.
”Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an. Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa. Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l' ale. Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap soti nan bouch dragon an. (17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.
”Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye. Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a. Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la. Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li? Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa. Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la.
”Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a. Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande! Moun ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasians ak konfians nan Bondye.
”Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon. Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a. Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè devan tout moun. Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an. Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.
”Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
”Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo. Mwen tande yon vwa ki soti nan sièl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè. Moun sa yo, se moun ki pa t' fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an. Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.
”Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo. Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.
”Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit. Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians.
”Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.
”Yon lòt zanj soti nan tanp ki nan sièl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'. Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.
”Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
”Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a. Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
”Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri. Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo. Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an. Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.
”Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè.
”Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil.
”Dezyèm zanj lan vide gode pa l' la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri.
”Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri.
”Katriyèm zanj lan vide gode pa l' la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l' te boule moun ak dife l' la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.
”Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a.
”Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.
”Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.
”Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a! Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la. Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò. De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.
”Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil. Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.
”Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò. Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.
”Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.
”Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete. Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
”Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo. Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal. Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an. Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn. Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.
”Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la. Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou! Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a! Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen! Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou. Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò. Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.
”Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
”Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li. Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan. Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an! Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran! Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
”Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare. Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon. Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.
”Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
”Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a. vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.
”Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la. Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.
”Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.
”Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne.
”Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an. Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo.
”Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.
”Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
”Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.
”Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a. Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.
”Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la. Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo. Zanj ki t'ap pale avè m' lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l' te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l' te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l' la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l' ak wotè l' te menm ak longè li. Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a. Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite piè bijou gwo pri. Premie wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazièm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, senkièm lan an oniks, sizièm lan an sadwan, setièm lan an krizolit, witièm lan an beril, nevièm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzièm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.
”Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.
”Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
”