32 – Mati
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Mati.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Mati.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn. Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
”Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.
”Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a. Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.
”Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li. Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li. Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'? Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
”Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi! Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen. Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la. Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'. Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou. Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm. Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm. Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo. Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an. Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi! Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen. Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
”Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
”Piga nou touye moun.
”Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
”Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo. Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a. Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.
”Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
”Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
”Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.
”Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.
”Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!
”Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li. Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
”Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.
”Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'. Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,
”Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife. M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
”Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
”Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
”Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'. Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
”Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.
”Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
”Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
”Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.
”Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo. Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan. Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo. Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.
”Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
”Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
”se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
”Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
”Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
”Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan. Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen. Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
”Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
”Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
”Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi! Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
”Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
”Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
”Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
”Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!
”Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
”Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
”Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.
”Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
”Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
”Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
”Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
”Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen. Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont.
”Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
”Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm. Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'. Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li. Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen. Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'. Atout li pa t' janm fè ankenn krim, yo antere l' menm kote ak mechan yo. Atout li pa t' janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l' nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'. Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras. Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.
”N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
”Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt. Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.
”pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
”Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.
”nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
”Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. Lè Nèbikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a. Wa a di yo konsa: -Chadrak, Mechak ak Abèdnego, èske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a? Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.
”Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'. Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.
”Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la. Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an. Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo. Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri. Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an.
”Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a. Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo. Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.
”Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la. Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje. Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'! Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl. Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.
”Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.
”L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.
”Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
”Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
”mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.
”Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
”Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
”Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.
”Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.
”Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
”Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
”Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis. Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
”Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
”Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.
”Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
”Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.
”Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou. Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato. Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a. Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li. Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase.
”Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
”Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?
”Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
”Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj. Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo. Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an. Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li.
”Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt. Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
”Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.
”Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.
”Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò. Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
”Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li.
”Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
”Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.
”Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.
”Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li. Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
”Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.
”Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt. Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.
”Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
”Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo. Gen lòt ki t'ap di tou: -Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: -Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: -Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò. Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l' nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: -Ou pa gen dwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse. Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l' konsa: -Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la soti, li al di manman li: -Kisa m' ta mande? Manman an reponn li: -Mande tèt Jan Batis. Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l' demann sa a: -Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis koulye a, nan yon plato. Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou li al chache tèt Jan Batis pote vini. Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an; li pote l' vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la; madmwazèl la menm pote l' bay manman li. Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l' nan yon kavo.
”Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
”Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li.
”paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
”Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen. Mèt jaden an voye yon lòt domestik bò kote yo ankò. Fwa sa a menm, yo bat li nan tèt ase, epi yo joure l' byen joure. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye sa a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye. Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l' an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou gason m' lan. Men, kiltivatè yo yonn di lòt: Men eritye a. Ann mete tèt nou ansanm. Ann touye l', konsa jaden an va vin pou nou. Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an.
”Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo. Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.
”Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
”Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
”Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l' amò, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm.
”Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò. Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
”Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa! Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa.
”Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
”Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak. Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.
”Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.
”Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
”benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.
”Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.
”Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
”Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo. Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi.
”Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.
”Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li.
”Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye. Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo. Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè; wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo.
”Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.
”Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a. Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.
”Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.
”Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen.
”Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.
”Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li. Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
”Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, li al fè lontan deyò. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen. Mèt jaden an voye yon lòt domestik kote yo ankò. Men, yo bat li byen bat, yo joure l' byen joure, epi yo voye l' tounen san yo pa ba l' anyen. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik. Fwa sa a, yo blese l', yo mete l' deyò. Lè sa a, mèt jaden an di: Kisa pou m' fè? Bon, mwen pral voye pitit gason mwen renmen anpil la. Omwens y'a gen respè pou li. Men, lè kiltivatè yo wè pitit mèt jaden an, yonn di lòt: Men eritye a! Ann touye l', konsa jaden an va rete pou nou. Yo jete l' deyò jaden an, yo touye li. Atò, kisa mèt jaden an pral fè yo?
”Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò. Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.
”Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.
”Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.
”Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.
”Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.
”Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m' al nan prizon avè ou, pou m' mouri menm avè ou.
”Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou. Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?
”Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li? Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.
”Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
”Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
”Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
”Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa.
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
”Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
”Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
”Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.
”Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
”Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò. Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò. Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
”Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
”Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.
”Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou,
”Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn. Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
”Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.
”Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
”Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan.
”Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.
”Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
”Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
”Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.
”Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat. Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
”Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
”Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
”Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza. Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale. Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota). Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
”Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
”Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale. (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.
”Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen. Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?
”Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa. Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.
”Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.
”Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo.
”Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo. Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
”Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li. Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè. Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
”Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm. Yo trennen l' deyò lavil la. Yo touye l' ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl. Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen. Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.
”Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm. Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li. Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.
”Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.
”Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la. Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a. Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a.
”Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li.
”Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.
”Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la. Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe. Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an. Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo.
”Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.
”Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
”ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an.
”Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.
”Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.
”Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a. Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
”Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm. Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.
”Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.
”Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.
”Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo.
”Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit.
”Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.
”Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen.
”Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
”Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
”Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a. Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen. Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
”Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou. Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò. Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.
”Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
”Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv. Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.
”Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou. Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
”Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche. Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo.
”Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele. Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè. Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou.
”Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou? Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
”Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
”Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo; se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m' tou? Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal. Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.
”Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.
”Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.
”Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.
”Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo. Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.
”si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
”Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a. Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
”Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
”Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.
”Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete. N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.
”Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
”Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.
”Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen. Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè. Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre. Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans.
”Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò.
”Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye.
”Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.
”Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan.
”Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou.
”Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri. Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?
”Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.
”Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan. Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve. Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,
”Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a. Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou. Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri. Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.
”Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou. Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
”Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la. Konsa, lè m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni. Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi. Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo.
”Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou. Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a. Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li.
”Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.
”Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò. Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
”Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche. Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje. Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen, pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen. Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.
”Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò. Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt.
”Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.
”Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. An senk fwa, jwif yo ban m' trant nèf kout fwèt. An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen. Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo.
”Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy. An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen. Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li. Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
”Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li.
”Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.
”Nan tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou.
”Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
”Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
”Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
”Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.
”Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou. Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,
”Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.
”Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
”Frè m' yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m' lan, yo pi fè travay predikasyon bon nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m' nan prizon. Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m' nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyè a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.
”Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.
”Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen. Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito. Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.
”Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye. Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
”Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.
”Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.
”paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li riske lavi l' pou l' te ka ban mwen konkou nou menm nou pa t' kapab ban mwen.
”Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
”Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la, pou m' ka viv ansanm avè l' nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m' gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras. Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou, avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
”Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.
”Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.
”Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
”Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.
”Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li. Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).
”Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
”Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.
”Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.
”pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou. Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou.
”Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.
”Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.
”Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
”Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.
”Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
”Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la. Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
”Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.
”Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.
”Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la. Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou. Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
”Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm, nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout. Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.
”Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye. Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/. Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.
”Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,
”m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,
”Okontre, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l' pi ba pase zanj yo, pou l' te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Koulye a, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa. Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l' te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.
”Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
”Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a. Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li. Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.
”Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,
”Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.
”Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte. Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo. Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l', yo ta ka gen chans tounen ladan l' ankò. Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.
”Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.
”Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon. Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.
”Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
”Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a. Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje. Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.
”Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l' te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li. Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.
”Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
”benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.
”Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.
”N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.
”Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li. Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi.
”Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li. Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
”Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
”Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.
”Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.
”Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.
”Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.
”Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.
”Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou. Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou. Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
”Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pa t' bon, men sa frè l' t'ap fè a te dwat devan Bondye.
”Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.
”Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.
”Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
”Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn. Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.
”Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
”Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou: Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.
”Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.
”Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.
”Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a. Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
”Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a. Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.
”Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo.
”Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti? Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
”Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
”Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
”(17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.
”Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon.
”Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li. Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
”Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians. Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.
”Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.
”Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
”Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.
”Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne.
”Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.
”Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.
”Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.
”