22 – Mirak

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Mirak.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.

Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a. Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 266 pasaj

Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.

Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

Farawon an di Jozèf konsa: -Mwen fè yon rèv, pesonn pa ka di m' sa l' vle di. Men yo di m' depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l'. Jozèf reponn farawon an: -Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.

Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè l': -Kite m' pwoche pi pre pou m' wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule? Lè Seyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l' gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l', li di: -Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: -Men mwen wi. Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.

Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton. Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.

Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp. Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li. Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a. Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san.

Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la. Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.

Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.

-Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv. Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.

Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san. Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a. Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.

Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen. Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou. Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat. Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo. Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la. Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a. Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.

Seyè a di Moyiz konsa: -Di Arawon lonje baton l' lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.

Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen. Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a. Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a. m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a. Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la.

Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen. Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive: M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo. Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri. Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a. Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri. Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale.

Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an. Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng. Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng. Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo. Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la.

Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden. Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la. Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi. Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa. Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete. Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.

Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite. Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt. Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.

Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo. Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou. Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.

Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò. Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a. Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen. Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!

Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan. Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo. Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo. Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou. Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo. Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a. Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape. Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.

Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.

Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.

okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.

N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la. Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale. Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.

Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa? Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?

Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.

Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.

Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.

Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv. Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle.

Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas. Pa gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Seyè a te voye l' al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvenman l' yo ak tout moun ki te nan peyi a. Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.

Se konsa, pèp la leve, yo kite kote yo te ye a. Yo pati pou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Prèt yo pran devan pèp la avèk Bwat Kontra a. Se te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivaj la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a. Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko. Pandan pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pa t' gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.

Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa. Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou! Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo. Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a. Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.

Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon! Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche.

Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li. Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.

Epi Samson mete men l' sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l' sou chak. Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.

Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an. Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò. Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.

Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la. Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou. Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat. Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun. Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la! Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo. Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.

Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo. Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?

David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo, mwen kouri dèyè l', m' atake l', mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l' vire sou mwen, mwen pran l' nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l'. Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'. David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!

David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la. Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo. Li foure men l' nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè. Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'. David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò.

Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a. Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.

Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.

Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou. Eli di li: -Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò. Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.

Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri. Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri. Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avè l' nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li. Apre sa, li lapriyè, li di: -Seyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li. Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò. Seyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf. Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan! Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo. Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa, li di yo: -Fè l' yon dezyèm fwa. Apre yo fè l', li di yo ankò: -Fè l' yon twazyèm fwa. Yo fè l' ankò. Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la. Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo. Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou. Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche. Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!

Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.

Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon. Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: --Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso. Lèfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe. Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: --Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.

Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: --Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv! Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.

Elize mande l': --Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: --Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil. Lè sa a Elize di li: --Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn. Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote. Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. --Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule. Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: --Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.

Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a. Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l' sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho. Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'.

Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: --Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje. Men Elize di: --Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: --Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a. Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje. Men domestik la di l': --Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: --Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès. Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l' la.

Men Elize voye yon mesaje di l': --Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri. Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: --Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri. Lèfini, èske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri. Li vire do l' ale byen move. Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: --Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la? Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.

Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: --Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi! Elize mande l': --Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a. Elize di l': --Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.

Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a. Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l' pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li. Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa. Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: --Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la? Yonn nan chèf yo reponn: --Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.

Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: --Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a? Elize reponn li: --Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo. Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: --Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize. Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la. Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: --Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari. Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.

Yon lè moun peyi Izrayèl yo tapral antere yon moun mouri, yo wè yonn nan bann moun Moab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyò. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mò a leve vivan, li kanpe sou de pye l'.

Ezayi reponn li: --Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak? Ezekyas di l': --Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak. Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a.

Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè.

Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an. Azarya, prèt la, antre dèyè l' ak katreven lòt prèt Seyè a, tout vanyan gason. Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa. Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li. Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'.

Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.

Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.

Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.

Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.

Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.

Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.

Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.

Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou. Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè.

Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman. Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt. Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen! Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a. Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo. Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò. Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.

Wa a di Danyèl yo te rele Beltechaza a: -Eske ou ka di m' rèv mwen te fè a? Eske ou ka fè m' konnen sa l' vle di? Danyèl reponn: -Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa. Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an. Lè sa a, monwa t'ap dòmi, tèt ou pran travay sou sa ki gen pou rive pita. Epi Bondye ki devwale tout sekrè fè ou konnen sa ki pral rive. Konnen byen, monwa, se pa paske mwen gen plis konprann pase tout moun ki fè m' rive konnen sekrè sa a. Men, se pou wa a ka rive konnen sans rèv li te fè a, pou l' ka konprann tout lide sa yo ki t'ap travay nan tèt li a.

Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la. Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an. Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo. Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri. Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an. Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa! Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo. Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a. Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo. Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a. Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa. Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan.

Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout. Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen. Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.

Yo rete konsa, yo wè yon men moun parèt. Li pran ekri sou miray palè a, kote limyè lanp lan te pi klere a. Wa a wè bout men ki t'ap ekri a. Li chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l' aprale, jenou l' yo pran tranble.

Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou! Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl. Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo? Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'. Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.

Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze! Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini. Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'!

Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon. Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason. M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.

Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen. Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv. Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.

Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou. Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.

Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri. Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt. Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?

Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a. Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou? Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo. Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.

Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? Kisa ki pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Nonm lan leve kanpe vre, li ale lakay li. Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.

Lè sa a, yon fanm ki te malad pwoche pa dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi a, paske li t'ap di nan kè l': Si m' ka manyen rad li sèlman, m'a geri. Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.

Lè Jezi rive kay chèf la, li wè mizisyen yo ki t'ap pare pou lantèman an, ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè anpil bri. Jezi di yo: Tout moun, soti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l' nan betiz. Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve. Nouvèl la gaye nan tout peyi a.

Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou! Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la. Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa. Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.

Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li. Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.

Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.

Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.

Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.

Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.

Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo? Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò? Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo. Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.

Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.

Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?

Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.

Se konsa Jezi pa t' fè anpil mirak la, paske yo pa t' kwè nan li.

Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.

Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. Jezi di yo: Pote yo ban mwen. Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.

Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo. Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non! Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.

Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil. Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou. Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen. Men, fanm lan vini, li lage kò l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non. Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen. Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li. Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri.

Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.

Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an. Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje? Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason. Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè. Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo. Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.

Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.

Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di: Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.

Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.

Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.

Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou. Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou. Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou? Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò. Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo.

Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche. Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman? Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.

Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.

Apre sa, yo soti kite sinagòg la, y' ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre. Bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Rive Jezi rive lakay la, yo di l' sa. Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.

Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la. Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.

Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.

Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen. Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Apre sa, Jezi voye l' ale, li pase l' lòd byen sevè. Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri. Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.

Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi. Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a. Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen. Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo: -Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman. Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache? Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a: -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou. Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa.

Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li. Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li. Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a. Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.

Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.

Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo. Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen? Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi. Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou? Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t'ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?

Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan). Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive. Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.

Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en? Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wè moun ki te fè l' sa a. Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a. Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.

Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.

Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?

Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.

Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.

Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.

Lè li te kòmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: -Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: -Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la. Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmil (5.000) moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.

Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo. Lè yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te kwè se te yon revenan. Yo pran rele. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.

Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a. Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

Jezi kite kote li te ye a, li ale nan zòn ki nan vwazinaj lavil Tir la. li antre nan yon kay, li pa t' vle pesonn konnen li te la. Men, li pa t' kapab rete kache. Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l' ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l', li lage kò l' nan pye Jezi. (Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan. Men Jezi di l' konsa: -Kite vant ti moun yo plen anvan; paske sa pa bon pou wete pen nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: -Se vre wi, Mèt. Men, ti chen ki anba tab manje ti kal pen timoun jete atè. Lè sa a Jezi di li: -Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a soti sou pitit fi ou la. Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gen tan soti sou li.

Yo mennen yon nonm ba li: nonm lan te soudè epi li pa t' pale byen. Yo mande Jezi pou li mete men l' sou tèt nonm lan. Men Jezi pran men nonm lan, li fè l' soti nan mitan foul moun yo, li mennen l' sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l' nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: -Efata! (ki vle di: Louvri!) Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang nonm lan demare nan bouch li epi li pran pale trè byen. Jezi te mande yo tout pou yo pa t' di pesonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: -Nonm sa a fè tout afè l' byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa: -Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote. Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen. Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo? Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen. Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen. Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo. Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.

Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li. Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy? Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa. Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.

Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo; rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa.

Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab. Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen. Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi. Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi. Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò. Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.

Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.

Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.

Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.

Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.

Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale. Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a.

Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li. Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.

Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo. Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.

Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche. Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon. Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran.

Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen. Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li. Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri. Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.

Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo. Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi. Men, akòz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fè l' antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon twou nan kouvèti kay la ki te fèt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: Monchè, tout peche ou yo padonnen. Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman. Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Menm lè a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te sezi. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Yo te pè anpil tou, yo t'ap di: Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a!

Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li. Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe. Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri? Apre sa, li pwonmennen je l' sou yo tout, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri.

Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou. Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.

Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a. Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.

Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a. Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.

Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.

Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.

Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati. Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kòmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li.

Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri. Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè. Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an. Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale.

Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dòktè, san yo yonn pa t' kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: Ki moun ki manyen m' lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: Mwen di ou gen yon moun ki manyen m', paske mwen santi yon fòs soti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l', li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l' nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l', ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze.

Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm soti lakay chèf sinagòg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje. Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pesonn sak te pase.

Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.

Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.

Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.

Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a? (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l', yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.

Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.

Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li. Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit. Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li. Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:

Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.

Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.

Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg. Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye. Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a. Jezi reponn li: Ala ou ipokrit! Jou repo a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou nan kay kote nou gade yo a, nou mennen yo al bwè dlo, pa vre? Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo? Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pa t' vle wè l' yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.

Li reponn yo: Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen.

Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale.

Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non. Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou.

Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l', yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande. Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye? Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.

Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.

Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen. Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen. Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò. Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li. Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.

(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:

Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non. Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive. Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè. Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa. Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'. Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.

Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè.

Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.

Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri. Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale. Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri. Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe. Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen. Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan. Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri? Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen. Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale. Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.

Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.

Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje? (Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.) Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal. Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li: Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo. Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa. Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle. Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye. Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale. Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.

Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a.

Lè sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l' yon kote epi li soti nan tanp lan.

Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa? Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay. Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo. Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!

Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. Si nonm sa a pa t' soti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen.

Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a. Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò! Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.

Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.

Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li.

Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.

Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)

Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.

Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout! Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bò kòt li. Disip yo pa t' manke kontan lè yo wè Seyè a.

Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wè mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bò kòt li, mwen p'ap kwè. Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout. Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!

Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.

Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen. Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen. Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.

Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la? Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li? Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen. Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?

Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.

Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l', li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè. Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo.

Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè. Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.

Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!

Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.

Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.

Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy. Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou. Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy. Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache. Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm. Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye. Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye. Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la. Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.

Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?

Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.

Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi. Men, yo pa t' jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kot Pyè ak Jan. Yo mande apòt yo pou yo soti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt. Yo t'ap di konsa: Kisa pou n' fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre.

Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.

Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li. Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre. Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a. Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li. Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.

Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a. Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.

Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo: Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a. Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di: Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an. Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la.

Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la.

Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.

Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a.

Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan.

Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan. Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a. Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn. Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.

Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.

li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize. Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe. Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye.

Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la. Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou. Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo. Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita. Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a.

Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.

Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo. Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete. Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an. Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe. Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen. Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve. Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè. Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.

Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè. Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an, li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li. Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.

Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.

Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm. Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri. Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.

Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo.

Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove.

Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò.

Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt. Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri. Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati. Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.

Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li. Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou. Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò. Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.

Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li. Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.

Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.

Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou. Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a.

Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a. Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè. Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun. Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans. Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad. Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di. Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.

Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la. Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.

Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen. Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.

Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo. Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou.

Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.

Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj.

Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye.

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l' vle.

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.

Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.

M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife. Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.

Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net