01 – Bib la Sentespri

Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Bib la Sentespri.

Top 3 Vèsè ki pi enpòtan

Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Chak vèsè nan lòd Canonical - 343 pasaj

Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.

Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?

Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.

Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.

Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.

Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!

Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.

Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an. Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!

Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.

Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.

Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.

Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.

Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.

Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.

Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.

Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou. Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.

Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.

Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo. N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay. Ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo,

Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi. Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a. Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.

Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.

Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'.

Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.

-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.

Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.

Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.

N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.

-Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou. Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Seyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd.

Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.

Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!

Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a. Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò! Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.

Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye. Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.

Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.

-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.

Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.

Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a.

M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal.

Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.

Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.

Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.

Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon. Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.

Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.

Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri. Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl. Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.

Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!

Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou. Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.

Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.

Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.

Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.

Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la. Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m' Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen. Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.

Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.

Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:

Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.

Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'. Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè. Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen! Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo. Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.

Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif.

Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.

Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.

paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men.

Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo. Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.

Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.

M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.

Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.

Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.

Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.

Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.

Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.

Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.

Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.

Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.

Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.

L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?

Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou. Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.

Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.

Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.

Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.

Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.

Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.

Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.

Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.

Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.

Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.

Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.

Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.

Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!

W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.

Seyè a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan. Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a. Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a. Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye. Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.

Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!

Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?

Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.

Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a.

Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.

Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.

Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi. Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.

Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou! Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè.

Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.

Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m' lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo. Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.

Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a?

Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.

Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.

Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.

Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè.

-Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.

Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen.

Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.

Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.

Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou. Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo. Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.

Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.

Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè. Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen. Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?

Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.

Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.

Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen.

Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y'a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa.

Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo. Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pa t' koute l' lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pa t' reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l'.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.

Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.

Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch. Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.

Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.

Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.

Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis. Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò. Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.

Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.

Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè. Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa. Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li. Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.

Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.

Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.

Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.

Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.

Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl. Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo. Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute! Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan. Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.

Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.

Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.

Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Jezi reponn yo: -Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye.

Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.

Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman.

Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a.

Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè? Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye: L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati. Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.

Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.

Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.

Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li? Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a. Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa. Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.

Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.

Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo: Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.

Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.

Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li. Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li.

Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.

Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!

Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.

Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.

Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.

Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.

Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.

Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la?

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.

Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.

Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a. N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.

Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.

Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.

Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.

Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo. Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye. Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen. Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen? Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.

Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo. Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.

Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.

Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li. Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a? Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo. Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li. Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la. Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye.

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale. Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la.

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.

Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.

Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.

Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.

Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.

Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.

Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.

Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.

Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.

Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.

Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.

Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.

Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.

Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè. Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.

Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm. Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li yo, nan Liv Sentespri te fè yo ekri a.

Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou. Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi. Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.

Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li? Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo. Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou? O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.

Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.

Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd.

Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.

Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.

Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.

si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini! Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè; yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a.

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye.

M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.

Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.

Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a. Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo. Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.

Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.

Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!

Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?

Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi. Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa, nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou. Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras.

Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans. Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.

Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.

Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la. Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.

Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.

Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' al swiv yon lòt kalite bon nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!

Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvèl la pou nou menm, moun Galasi.

Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.

Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a. Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.

Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.

Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.

Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite?

Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen. Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.

Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.

Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.

Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.

Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.

lè n'ap ba yo mesaj ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m' kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pa t' fatige kò m' pou gremesi, mwen pa t' travay mal.

Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.

Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.

Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a.

Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.

Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.

Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.

Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.

Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li. Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la. Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an. Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.

Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.

Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.

Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.

Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.

Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.

Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.

Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans. Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.

Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.

Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.

Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.

Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo,

Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la.

Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t' okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l' yo te resevwa chatiman yo te merite a. Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.

Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo. Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan. Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo. Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye. Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.

Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.

Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.

Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo.

Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo. Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye. Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.

Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.

Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas. Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li. Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou. Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a bon nouvèl la te pote ban nou.

Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.

Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a.

Nou te tande vwa ki te soti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l' sou mòn kote Bondye te pale ak nou an. Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo. Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.

Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li. Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li. Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye: Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.

Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.

Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.

Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.

Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.

Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.

Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye.

Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.

Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!

(17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.

Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.

Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye.

Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.

Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.

Haitian - Ayisyen - HT

HCB - Bib La Haitian Creole Bible - 1985

This Bible is in the Public Domain.
https://www.biblesupersearch.com/bible-downloads/
Languages are made available to you by www.ipedge.net