04 – Kreyasyon
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Kreyasyon.
Se pawòl sakre Bondye Toupisan an.
Nou pa enterese nan pawòl lèzòm.
Pou nenpòt moun ki renmen Bondye ... se sa Bondye di sou: Kreyasyon.
Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
”Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo. Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.
”Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
”Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.
”Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase. Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.
”Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a.
”Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a.
”Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a.
”Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
”Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.
”Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo. Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
”Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la, pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè. Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a. Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan. Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.
”Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.
”Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.
”Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo.
”Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,
”Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?
”Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.
”Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
”Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè.
”Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: --Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
”Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
”Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
”Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo. Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit. Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle. Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo. Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
”Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou. Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen. Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li. Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
”Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'. Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo. Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj. Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa. Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
”Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.
”Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
”Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf. Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li. Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.
”Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
”Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
”Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
”Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
”Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.
”Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
”Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
”Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
”Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'. Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
”Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
”Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.
”Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
”Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.
”Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.
”Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
”Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
”Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
”Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.
”Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou: Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
”Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
”Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
”Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
”Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
”Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay. Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè. Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo. Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo. Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt. Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a. Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a. Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a. Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'. Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm.
”Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
”Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
”Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
”Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?
”-Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
”Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?
”Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè? Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
”Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
”Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
”Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
”Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.
”Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
”Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè? Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.
”Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.
”Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje. Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'.
”Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?
”Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.
”Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'? Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
”Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte. Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la. Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
”-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
”-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.
”Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
”Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
”Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
”Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.
”Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
”Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi.
”Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.
”Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.
”Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
”Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li.
”Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'.
”Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?
”Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
”Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.
”Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
”jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.
”Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.
”Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt. Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa, yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l' la, pou l' ka jwi bèl libète pitit Bondye yo. Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.
”Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.
”pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.
”Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo. Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.
”Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la.
”Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
”Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.
”Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.
”Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt. Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
”Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
”Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.
”Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.
”Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye. Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a. Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay. Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt. Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil (1.000) an, milan se tankou yon jou.
”O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.
”Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò.
”Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.
”